Autour des années 2000, Haïti entama sa descente aux enfers sous le règne Lavalas, et vers 2011, le régime PHTK est venu s’assurer que nous y sommes dans tous nos états


Si les dirigeants Lavalas ont pu largement bénéficier de la liquidation de certaines entreprises publiques d’Etat, la vache à lait pour tous les gouvernements antérieurs, mais jamais en Haïti, un régime comme celui de PHTK, avec Michel Martelly, Laurent Lamothe et Jovenel Moise, n’a eu à contrôler autant de liquidités et de haut montant disponible dans le trésor public. Il s’agit des milliards de Petro Caribe pour nous laisser quelque 9 ans plus tard, après le séisme du 12 janvier 2010, un Port-au-Prince « kon yon pak kochon », la capitale du pays le plus corrompu de la Caraïbe avec ses institutions publiques (Présidence-Parlement-Justice) très décriées

Minute de réflexion du journaliste-senior Daly Valet

Ayiti !

Yon moun ki gen bon sans, ki gen bon nanm e ki konn vwayaje pa ka pa mande tèt li sa l ap regle nan bagay sa ki rele Ayiti a sitou nan pak kochon sa ki rele Pòtòprens lan . Franchman se krèvkè, se dezolan. Si nou tande yon jou m tonbe m mouri bridsoukou konnen se strès ak lapenn viv nan salte Potoprens ki touye m. Sa komanse twòp ke moral mwen ka sipote.

Tout vil pwovens yo tounen bidonvil mache debri pèpè. Sèl nan fon andeyò yon moun ka al viv tankou mawon nan fon bwa lwen tout sa ki rele modènite. Omwen nan zòn riral rekile yo ou ka espere respire yon ti moso lè frè.

Autour de 2000, la descente aux enfers entamée avec Aristide, puis Martelly, Lamothe et Jovenel sont venus donner le coup de grâce pour faire aujourd’hui de notre pays un vrai « shithole »

Mwen pa t Ayiti nan lane 2000 yo epok jenerasyon lavalas la te fè peyi a tounen lanfè sou tè dapre sa m aprann. Men mwen ka di nou mwen ap viv la sou plas sa jenerasyon Tèt kale Martelly, Lamothe ak Jovenel la fè ak peyi a. Se jis yon pak kochon, salte, malpwopte, bandi, ganstè, mizè toupatou . Se kom si dirijan yo pa pran moun nan peyi a pou moun e yo menm tou yo pa moun. Moun ki moun tout bon pa ta ka kite yon peyi livre konsa aladriv san gouvènay.

Ayiti ! Elas ! Premye fwa nan vi m mwen wont konsa de peyi a e de dirijan yo. Se nan bouche nen pou yon moun ap siviv sou ti moso tè sa. Yon moun dwe sanwont anpil pou l ta imajine envite yon etranje nan poubèl salte sa. Mwen pa p blame okenn Ayisyen ki pa vle ni retounen ni rete pa bò isit. Mwa dawout sa pral fè m 10 lane depi m retounen nan peyi a. M reziye m pou m pran bal mwen nan fwon m paske tout fanmi ak zanmi m te di m non pa tounen. Malgré tout bagay m pa regret m te tounen. M deja la m la nèt. Paske se pitit Ayiti ki pou chanje Ayiti. Se pa etranje k ap vin chanje l pou nou.

Malgre tou sa, nou pa ka bay vag. Se nan moman sa yo menm lè w deside rete nan peyi a pou wè si sa ka chanje ke soufrans ak tòti moral yo pi rèd pou w sipote akòz chak jou ki pase bagay yo vin pi grav. Men nou oblije kontinye batay kan menm pou fè pak kochon an tounen oubyen retounen yon bèl peyi pwòp tankou lòt peyi ki tou pre nou nan Karayib la. Sinon, lòt pèp vwazen nou yo ap di nou tout Ayisyen se kochon. Trump deja di byen wo sa anpil lòt etranje panse lèd de nou san yo pa oze di sa ouvètman. Ann sekwe kò nou…

Daly Valet
30 juillet 2019