Discours du Président Jovenel Moise à l’occasion du 10e anniversaire du séisme du 12 janvier 2010

DISKOU PREZIDAN REPIBLIK LA
KOMEMORASYON DIZYÈM ANIVÈSÈ TRANBLEMAN TÈ KI TE FWAPE PEYI A 12 JANVYE 2010

Dimanche 12 janvier 2020 ((rezonodwes.com))–
Frèm ak sèm,
Ayisyen, Ayisyèn, nan kat kwen peyi a ak nan diapora,
Sa gen 10 zan dat pou dat, Ayiti te sou tout ekran televizyon, nan bouch tout kòmantatè radyo ak televisyon nan mond lan. Yon gwo tranbleman de tè pèsonn pat pare pou li te frape plizyè kote nan peyi a.

Jou sa a, se pa sèlman tè a ki te tranble. Se zantray chak grenn Ayisyèn ak chak grenn ayisyen ki te boulvèse. Jou sa a, se pa sèlman lavi moun ki te pèdi. Se anpil kwayans, konviksyon, abitid ak atitid nou ki te kouri ale. Jou sa a, se pa sèlman kay ki te tonbe. Movèz fwa, kòlè, rayisans, divisyon, te kraze rak.

Anba mas beton , pousyè ak lafimen, lespwa ak solidarite te sèl sous limyè.

Sa gen 10 zan dat pou dat, Ayisyen-Ayisyèn te mete yon sèl mo nan bouch mond la : rezilyans ! Tout lòt nasyon tap poze tèt yo kesyon pou konnen kote nou jwenn fos ak kouraj pou siviv anba gwosè katastwòf saa.

Sa yo te bliye se deviz nou ki se « MEN ANPIL, CHAY PA LOU » se deviz saa ki te ban nou fòs ak kouraj pou’n te fè fas kare ak gwo eprèv sa.

Blòk beton , feray, anyen pat ka reziste anba fòs lespwa ak solidarite fanm tankou gason te mete nan jefò yo tap fè pou sove lavi yon fanmi, yon zanmi, yon kòlèg, yon vwazen, yon enkoni.

Malgre sa tout kalite rapò ka di : 12 janvye 2010, premye èd imanitè a te soti nan men Ayisyèn-Ayisyen sivivan yo. Machann sachè dlo yo, machann manje kwit yo, machann pen yo, malere, malerèz ki tap pwomennen bwason glase sou tèt yo, gason ak fanm gwo ponyèt yo. Se te yo menm ki te pote premye èd yo. Se yo ki te reponn an premye ak ijans moman an.

12 Janvye 2010, okenn chay pat lou paske nou te ini, nou te ansanm. Nou te manje ansanm, nou te dòmi ansanm, nou te kriye ansanm, nou te priye ansanm. Menm nan lanmò nou te ansanm paske pi fò viktim yo te antere nan fòs komin.

Tranbleman de tè sa mete dlo nan je moun rich tankou moun pòv, moun anwo tankou moun anba, moun po nwa tankou moun po klè, moun an deyò tankou moun lavil.

Pandan nap onore kouraj chak gason ak fanm vanyan ki te fè lemond antye wè ki gwosè mirak solidarite ka fè nan la vi yon pèp, nap pwofite salye memwa sila yo ki pèdi lavi yo nan katastwòf saa. An nou fè yon ti kanpe pou nou obsève yon minit silans pou 300 mil viktim sa yo.

Peuple Haïtien, Mesdames et Messieurs,
Notre pays, en raison de sa position géographique, n’est malheureusement pas à l’abri des catastrophes naturelles : séisme, tsunami… et autres dangers connexes.

Plusieurs failles actives traversent le pays dont celles d’Enriquillo et du Grand Nord. Rien que pour l’année 2019, nous avons enregistré pas moins de 301 secousses sismiques dont deux de 4.8 sur l’échelle de Richter.

De plus, en raison du réchauffement climatique et comme petit État insulaire, nous sommes appelés à enregistrer plus fréquemment des cyclones avec des vents de plus en plus violents.

Le cyclone Mathieu, qui en octobre 2016 avait sévèrement frappé les départements de la Grand’Anse et du Sud, avait emporté la vie de plusieurs centaines de nos compatriotes et causé des dégâts à hauteur de plus de deux milliard de dollars américains et fait plusieurs milliers de sans abris.

La science, malheureusement a ses limites en matière de prévision, nous devons donc anticiper les phénomènes naturels. Même si nous sommes impuissants face aux risques en raison de notre position géographique, nous avons l’impérieuse obligation de faire preuve d’une certaine capacité de résilience et réduire notre niveau de vulnérabilité.

Ce tremblement de terre avait mis à nu non seulement notre très faible capacité de réactions aux catastrophes naturelles, mais aussi l’absence de normes de construction parasismiques.

Nous ne saurions oublier que le séisme de 7.3 sur l’échelle de Richter qui nous a frappé le 12 Janvier 2010 a fait plus de 300.000 morts, presque autant de blessés et plus d’un million de sans-abris en seulement 35 secondes.

Depuis le tremblement de terre de 2010, des décisions, lois et dispositions ont été prises pour mieux répondre à une éventuelle catastrophe.

En plus d’avoir décrété cette date comme journée nationale de réflexions et de sensibilisation à la vulnérabilité d’Haïti face aux risques et désastres, nous pouvons également mentionner le Projet de loi sur les normes d’accessibilité à l’environnement bâti qui a été déposé et voté au Parlement par l’Exécutif qui l’a aussi publié.

Entre autres actions, 100 ingénieurs ont été recrutés sur concours avec l’aide de l’OMRH pour être affectés aux municipalités d’ici le mois de février.

L’État s’assure également aujourd’hui que les institutions comme l’EPPLS et l’UCLBP respectent scrupuleusement les normes parasismiques dans la construction des logements sociaux et des bâtiments publics.

Peuple Haïtien, Mesdames, Messieurs,
Aujourd’hui, pendant que nous pleurons nos morts, nous devons aussi saluer la générosité de tous ceux et de toutes celles qui se sont comporté en véritables Héros et Héroïnes.
Nous devons saluer le courage de ceux et de celles qui ont survécu des heures, des jours sous les décombres confiants qu’au dehors tout était entrepris pour qu’ils puissent s’en sortir vivants.

Nous en profitons pour exprimer, encore une fois, notre plus sincère reconnaissance et nos remerciements à tous ces pays frères qui dans un élan de compassion et de solidarité ont volé à notre secours.

Nous devons saluer et encourager également la grande fraternité, la grande solidarité inter haïtienne où des compatriotes ont, à mains nues, dégageaient nos frères et sœurs des masses de béton armé.

Dans la province où sont allés se réfugier des centaines de milliers de victimes, ils ont été accueillis à bras ouverts et nos pauvres paysans ont partagé leur pain, leur toit, le peu qu’ils n’ont pas.

Combien de gens avons-nous croisé transportant, sur des civières de fortune, les corps déchiquetés d’un proche, d’un voisin, d’un collègue ? Combien, dans les jours qui ont suivi la catastrophe, ont fouillé tous les recoins de leurs maisons á la recherche de tout ce qui pouvait aider et soulager une voisine, un inconnu aux côtés duquel ils avaient trouvé refuge ?

Nous avons vu des gens risquer leur vie pour sauver celle de quelqu’un dont ils ne connaissent que le filet de voix filtrant á travers les décombres. Nous avons vu des commerçants vider leur magasin pour offrir boissons et nourritures à des enfants livrés à eux- mêmes.

Nous avons vu des femmes portant sur leur dos des hommes faisant deux fois leur poids, sur des mètres et des kilomètres afin qu’ils puissent recevoir des soins.

Dix ans après, Haïti offre malheureusement une autre image au monde. Où est donc passé cette solidarité ? Le constat aujourd’hui est que la haine et la discorde ont gagné nos cœurs. L’incitation à la haine et à la violence nous a transformés. Ce peuple réputé bon est devenu méconnaissable.
C’est pour cela que je ne cesse de prêcher le dialogue depuis mon ascension à la tête du pays.

Les conséquences de longues périodes de trouble, d’instabilité politique et en particulier le phénomène « peyi lok » et ses impacts inestimables ont certainement causé plus de dégâts dans notre économie et fait plus de tort à notre société que le tremblement de terre du 12 janvier 2010.

C’est un autre constat !

Si en 2010, le monde s’est apitoyé sur le cas d’Haïti en montrant de la compassion et une grande solidarité, aujourd’hui les derniers évènements ont plutôt suscité la peur et le repli sur soi au point que certains pays qui se ruaient pour nous porter secours en 2010, déconseillent à leurs ressortissants de nous visiter. La plupart de nos hôtels ont dû fermer leurs portes ou réduire considérablement leur personnel.

Pèp Ayisyen,
Frèm ak Sèm,
Jodia, ou menm ki te soti anba dekonb pa lagras yon enkoni, gade tèt ou nan glas, poze tè ou kesyon sa yo : Ki sa w fè ak lavi w ? Ki sa w fè ak peyi w ? Ki sa w fè ak solidarite sa a?

Mande tèt ou eske’w sonje kiyès ki te retire w anba dekonb ? Eske’w te menm konnen moun saa ? Eske w sonje kiyès ki te fè’w jwenn premye plat manje cho ou te manje aprè katastwòf la ? Moun ki te ba’w premye gòje dlo ki te lave pousyè nan gòj ou ? Pèsonèl medikal ki te sove lavi w ?

Si’w te sonje, si nou te sonje nou tap gade yon lot nan je epi nou bay yo gwo akolad. Yon akolad lanmou, yon akolad lespwa !

Nan moman nap travèse la yo, nou bezwen plis ke jamè solidarite saa, linite saa, fwatènite saa ki te fè fòs nou, ki te fè nou pat pèdi lespwa nan moman difisil saa.

Nou bezwen plis ke jamè solidarite saa, linite saa, fwatènite saa ki te ban nou kouraj, ki te fè nou kwè ke nou ka rekonstwi peyi nou, remete peyi nou sou ray chanjman, devlopman ak kwasans ekonomik.

Nou bezwen plis ke jamè solidarite saa, linite saa, fwatènite saa ki te fè nou blye tèt nou pou’n bay la vi ak frè nou, sè nou ki te nan difikilte.

Nou bezwen plis ke jamè solidarite saa, linite saa, fwatènite saa kap pèmèt nou mete sou kote ògèy nou, vye lide rayisans, anvi boule, kraze-brize, pou nou chita ansanm, pou nou deside ansanm kisa nou vle fè, kisa nou dwe fè ak peyi-a.

Pèp Ayisyen,
Frèm ak Sèm,
Nan okazyon komemorasyon dizyèm lane tranbleman de tè-a, ijans lan jodi-a se pou nou mete tèt ansanm, nan linite, pou nou rekonstwi peyi-a, pou nou rekonstwi Nasyon-an, pou nou rekonstwi jenès la.

​Wi ! Nou dwe chita ansanm paske nou gen yon devwa memwa anvè tout viktim yo, fanmi yo, sivivan yo, moun katastwòf la kite ak andikap fizik tankou mantal yo. Nou gen yon devwa memwa anvè espas senbolik ak enstitisyonèl peyi-a.

Yon lòt fwa ankò, map envite tout moun ki fe pati de fos politik yo, fos sosyal yo, ak fos ekonomik yo pou nou ka chita ansanm . Se sèlman konsa, se sèlman ansanm nap ka fè refòm kap pemet peyi-a pran chimen devlopman ekonomik ak sosyal, tout bon vre.

Bon kouraj tout moun !

Mèsi !