Flash : Escorté par des agents de la DCPJ, Arnel Joseph est sorti ce mercredi 31 juillet 2019 de l'hôpital où il s'est fait opérer

Chef gang Anel Joseph egzeyate (soti) lopital jodi mèkredi 31 jiyè 2019 la a 12:10. Lapolis, sitou ajan DCPJ, pran li minote, mete anndan machin sou tout kontwòl.
Lopital kote Anel t ap pran swen an remèt Lapolis yon beki pou soutni pasyan an ki poko ka mete pye l atè, epi yon dokiman ki rekòmande ki jan pou PNH fè suivi “Post Opératoire”, sa k ap pèmèt Anel Joseph mete pye l atè nan kèk semèn.
Source: Valéry Numa