Gracia Delva viktim de sa anpil jenn gason ki bliye kote yo sòti ta ka viktim

Nan teks sa m vle mete de kote pakou mizikal Senatè Aya pou lanmou m gen pou chantè a pa devyem. Pa kont mw panse m sipoze mete aksan sou kilès Gracia te ye e kilès li ye jounen jodia. Brèf, yon senp istorisite sou pakou « Onorab » la.
Nou tout sonje Gracia nan ane 89, 90 yo epòk li tap eseye sòti tèt li kòm chantè konpa dirèk. Bagay yo pat toujou wòz men li pat deside lage sa jiskake li rive gen kè melomàn ayisyen yo.
An desanm 2002 ameriken te deside depòte Gracia Delva, Mass Konpa an ayiti pou fwòd. Sa pat retire yon yota nan lanmou pèp ayisyen an pou chantè a; yo te kontinye sipòte l ak nouvo gwoup mizikal li ta pral kreye nan menm epòk la ki se Mass Konpa. Dimansyon lanmou inesplikab sa a lakòz T-Blada a pran 2 manda depite e answit li vin senatè la repiblik pou depatman latibonit. Yon veritab redanmsyon pou yon atis djaz ki te kòmanse ap bese konsiderableman.
Men Aya pou lanmou pèp ayisyen gen pou ou èske se vre vre vre ou dakò politisyen tout plim tout plimay mele ak nèg po lanvè yo itilizew pou fè pon ant yo ak chèf gang vilaj dedye a ? Si se ta vre monchè Aya ou mechan anpil, ou bliye kotew soti, ou trayi pèp ayisyen.
M dakò gen anpil mechanste nan jan yap trete dosye a, menm estime w twò byen, ayisyen twò fèw konfyans pou w ta dakò rantre nan sa a.
Antouka m panse tout jenn gason kap fè politik nan peyi a dwe pran sa kòm egzanp, pa paske w prèske rive nan somè a pou w bliye kotew soti, pou trayi tout moun ki te baw bourad pou avanse. Gwo toryan ap toujou vle itilizew, fè w fè tout vye bagay pou lajan, men le jouw ta vle soti anba zèl yo yap pyejew, e fèw tounen pi mal ke janw te ye avan.
Pou lanmou m gen pou chantè Gracia Delva m ta swete sa map tande a se pa vre, e si se vre ke yo jije e kondane Senatè Aya ak tout akolit yo.
Edson GÉROME