3 Sitwayen Ameriken Pèdi Lavi yo nan yon Atak Teworis o Kenya

Nan  Kenya, 3 pèsonèl depatman defans Etazini an pèdi la vi yo nan yon atak militan gwoup teworis somalyen Al-Chebab ki te pote boure nan yon  baz militè enpòtan fòs anti-teworis ameriken ap itilize nan peyi Afrik delès la, yon atanta ki dewoule byen bonè dimanch 5 janvye 2020 an.
 
Dapre kèk sous militè, atak la detwi plizyè avyon ak veyikil, avan yo te rive repouse l. Se premye ensidan gwoup Al-Chebab somalyen an, ki gen afilyasyon ak Al-Qaida, lanse kont fòs Etazini genyen nan peyi Afrik delès la.
 
Yon pòtpawòl militè kenyan pibliye yon kominike pou di 5 militan somalyen peri nan afwontman yo ki dewoule nan baz ayeryèn Manda Bay ekip militè ameriken ke Keny konn itilize.