Etazini: Kandida Demokrat yo Pral Twoke Kòn yo nan yon Lòt Deba

6 kandida Demokrat pou pòs prezidan an pral patisipe madi 14 janvye 2020 an, nan yon deba kote yo pral tope kòn yo sou gran dosye nasyonal e entènasyonal yo anvan elektè eta Iowa, ki nan santwès peyi a, jete bulten yo nan premye eleksyon primè pou ane elektoral sa a. Detay ak Lyonel Desmarattes.