Etazini: Prezidan Chanm Depite a Pa Gen Angouman pou Voye Akizasyon Prezidan Trump la nan Sena a

Aprè vòt an favè kondanasyon Prezidan Trump lan, angouman pòt pawòl chanm bas la, Nancy Pelosi, pou pouswiv pwosesis jijman an ta sanblé refwadi.
Kèk tan aprè chanm dè reprezantan an fin vote pou mete Prezidan Trump an akizasyon, prezidan chanm bas Kongrè, Nancy Pelosi, pa garanti si pwosesis la ap kontinye. Madan Pelosi refize di ni ki lè, ni si li ap voye 2 atik akizasyon yo nan chanm Sena a.
Kòmante sa vini kòm yon gwo sipriz pandan madan Pelosi tap bay yon konferans pou laprès mèkredi 19 desanm 2019 la. Konferans sa te gen pou objektif pou madan Pelosi transmèt mesaj Demokrat yo aprè yo te fin vote pou mete Prezidan Trump an akizasyon pou abi pouvwa, ak anpeche lachanm fè travay li kòm sa dwa.
Madan Pelosi fè konnen Demokrat yo poko kapab nonmen moun ki pou okipe de zafè kondanasyon an – sètadi pwokirè ki prezante akizasyon an nan Sena a toutotan yo pa konnen kijan chanm Sena limenm pral fè jijman an.
Madan Pelosi di:  “Nou pa kapab nonmen pèson toutotan nou pa wè ki jan sa ye bò kote chanm Sena a.  Li ajouté; “Epi mwen espere se pral nan yon ti tan ki pa trò lwen… Jiskaprezan, nou pa wè anyen ki sanble jis pou nou. Nou espere sa va jis, e lè nou wè sa, na va nonmen moun pa nou yo.”
Nan kòmansman semèn nan, Repibliken Mitch McConnell, ki se lidè majorite chanm Sena a, te rejte yon pwopozisyon lidè minorite Demokrat la, Chuck Schumer, pou te rele plizyè temwen. Misye McConnell te fè konnen lap kowòdone avèk Lamezon Blanch. Li te deklare tou: “Mwen pa yon jij inpasyal.”
Madan Pelosi fè konnen misye McConnell “di li dakò pou manm jire a nan kòkòday ak avoka akize a, yon bagay ki pa nan avantaj nou.”
Repwezantan Rhode Islande nan, David Cicilline, ki se tou yon manm nan ekip madan Pelosi a, fè konnen Demokrat yo vle yon pwosesis destitisyon ki “ jis, ki byen fèt, e ki pa gen fòs kote.”
Lè yo te poze l kesyon sou posibilite pou pa janm voye 2 atik yo nan chanm Sena a, mesye Cicilline deklaré: “Mwen pa panse pèson menm anvisaje sa.”