Etazini: Prezidan Donald Trump ak Premye Dam Melania Trump Debite Jounen Fèt Nwèl la nan Legliz

Prezidan ameriken an, Donald Trump ak Premye dam Melania Trump debite jounen 25 desanm 2019 la nwèl la, nan Legliz afilye ki rele Southern Baptist Convention nan Miami, eta Florid avan pou yo te al kontinye selebre fèt la ak manje ansanm nan salon ki nan Club prive prezidan an.
 
Pastè nan legliz familial Lwès Palm Beach Florid la, Jimmy Scroggins, ak fanmi li salye koup prezidansyèl la lè yo te rive nan sèvis limen balèn nan pou selebre fèt nwèl la. Odyans la te bat bravo pou Prezidan ameriken an ak madanm li nan moman yo tap pran plas pou chita nan 3èm ran ban legliz la. Pastè a pat preche anpil men yo te chante anpil chan nowèl ki te akonpaye ak egzibisyon sou sèn  pou montre lafimen ak nèj kap tonbe.
 
Koup prezidansyèl la konsidere patisipasyon yo nan sèvis legliz kòm yon moman de pè pou yo, tankou lè yo nan legliz episcopal, Bethesda-by- the-sea, ki nan Palm Peach Florid ke yo abitye vizite nan moman fèt fen dane yo, e ke se la yo te marye an 2005.
Avan fèt la Prezidan Trump te rele nan telefòn twoup militè ameriken yo ki nan misyon lòt bò dlo pou li swete yo jwaye nowèl nan non tout pèp ameriken an.