Lame Amerikèn Touye yon Jeneral Elit Iranyen Toupre Ayewopò Entènasyonal Bagdad la

Gwo jeneral iranyen Qassem Soleimani (Responsab yon inite delit Gad Revolisyonè Iranyen an) mouri bonè vandredi 3 janvye 2020 an nan yon atak lame amerikèn sou ayewopò entènasyonal Bagdad la ann Irak, dapre televizyon irakyèn ak 3 ofisyèl irakyen.
Depatman Defans Etazini an pibliye yon deklarasyon pou di yo touye Soleimani paske li tap devlope aktivman plan pou l atake diplomat ak militè ameriken ann Irak e nan tout rejyon an. Washington akize tou Soleimani dèske li te apwouve atak ki te fèt kont anbasad Etazini nan Bagdad nan semèn nan.
Yon konseye prezidan iranyen an Hassan Rouhani lanse yon avètisman rapid pou mete angad prezidan ameriken an Donald Trump kont zak revanch Teheran.
Dapre kèk sou irakyèn, atak la touye tou Abu Mahdi al-Muhandis, kòmandan adjwen yon gwoup milis ki gen apui Iran ann Irak ki rele Fòs Mobilizasyon Popilè. 5 lòt moun pèdi lavi yo pami yo ofisye ki responsab pwotokòl nan ayewopò a, Mohammed Red.