Lèzetazini Kondane Atak yon Gwoup Militan Irakyen Fè sou Anbasad li nan Bagdad

Prezidan Donald Trump rann Iran responsab desizyon yon group militan Irakyen pran pou pran daso lokal abasad ameriken an nan Bagdad madi 31 desanm nan an repons ak atak ayeryen Etazini te lanse dimanch pase sou sib yon group militan ki baze ann irak ak lasiri e ki gen sipò Iran.
Nan yon mesaj lidè ameriken an mete sou rezo sosyal Twitter li di li atann li gouvènman Irakyen ap ap itilize fòs sekirite yo pou pwoteje anbasad la. Sekretè deta Mike Pompeo di li te gen 2 konvèsasyon separe ak Premye Minis Irakyen Abdel Abdul Mahdi ak prezidan Barham Salih pou ll di yo Etazini ap pwoteje e defann pèp ameriken an.
2 lidè yo deklare bay sekeretè deta a Irak pran oserye responsabilite l.Manifestan yo mete dife nan kèk pati lokal la ki sitiye nan yon zòn ki pi sekirize nan kapital Irakyen an Bagdad.