Ozetazini: Militan Kap Defann Imigran yo Ap Mitipliye Rankont nan Kongrè a Anfavè Moun Ki Gen TPS yo

Plizyè òganizasyon kap defann moun ki gen TPS yo (Stati Pwoteksyon Tanporè) ap rankontre plizyè palmantè ameriken nan Washington nan lide pou sansibilize yo pou adopte yon lwa ki bay imigran sa yo rezidans pèmanan. Kèk nan militan ak moun ki gen TPS te pale nan mikwo Arthur Jean Pierre.