Siyatiyon Premye Faz yon Akò Komèsyal ant Etazini ak Lachin

Etazini ak Lachinn siyen premye faz yon akò komèsyal ki byen kapab debouche sou rediksyon tansyon ant 2 pi gwo ekonomi sou planèt la. Kidonk, Washington ak Peken jwenn yon trèv nan lagè komèsyal ki tap bouyi ant 2 peyi yo depi mwa jen 2018, dat administrasyon Prezidan Donald Trump la te kòmanse enpoze tarif sou machandiz chinwa kap antre sou teritwa ameriken an.
Nan okazyon an, lidè ameriken an di,:” Se yon akò enkwayab pou Etazini, e bout pou bout, se yon yon kokenn antant pou tou 2 peyi yo. e se yon bagay ki pral debouche sou yon lapè pi stab nan lemond.” Prezidan Donald Trump poze siyati li anba dokiman komèsyal la nan dat 15 janvye 2020 nan lamezon blanch ansanm ak vis-premye minis chinwa Liu He, ki te pwofite li yon lèt prezidan Xi Jingping te voye bay lidè ameriken an.