Sou-Sekretè Deta Ameriken pou Afè Politik, David Hale, Ap Vizite Bahamas ak Ayiti

Dapre yon nòt ki soti nan Depatman Deta ameriken an, Sou-Sekretè Deta pou Afè Politik, David Hale,  genyen pou l vwayaje nan Peyi Bahamas nan dat 5 desanm 2019 la (donk jodi jedi a), anvan li ale nan Peyi d Ayiti demen vandredi 6 desanm nan. Pandan Misye Hale ap nan Nassau, kapital Bahamas, li pral rankontre ak Premye Minis Hubert Minnis, Minis Sekirite Nasyonal la, Marvin Dames, otorite responsab Sèvis Repons ak ka Dezas, epi patnè kap travay nan pwojè USAID nan Bahamas. Pami tèm diskisyon yo, genyen efò kap fèt pou popilasyon an leve anba konsekans pasaj Siklòn Dorian avek angajman Lèzetazini pran vizavi kowoperasyon bilateral aktyèl li avek Bahamas.
 
Pou sa ki konsène Peyi d Ayiti, Sou-Sekretè Deta Hale pral rankontre avek Prezidan Jovenel Moïse, minis afè etranjè a, Bocchit Edmond, e avèk lòt lidè politik. Nan diskisyon yo, yo gen pou abòde defi ijan Ayiti ap konfwonte yo ak nesesite yon dyalòg nasyonal enklizif, yon gouvènman efikas ki kapab retabli lòd, mentni eta-de-dwa, pèmèt ekonomi an devlope epi sèvi pèp ayisyen an.
 
Sete yon nòt ki sòti nan Depatman Deta Ameriken an.