Teheran Menase pou Vanje Jeneral Soleimani e Washington Di Iran Ap Peye Chè Nenpòt Rebrezay li Kont Etazini

Nan Iran, yon gwo kokenn foul moun rasanble  jodi lendi 6 janvye 2020 a nan kapital la, Teheran, pou rann yon dènye omaj pou defen jeneral Qassem Soleimani, nan moman responsab militè ki ranplase l alatèt gad revolisyonè iranyen yo sèmante pou l tire revanj pou frap ayeryèn ameriken ki touye jeneral Soleimani.
Sou bò pa l, Prezidan Donald Trump menase pou l atake kèk lye kiltirèl enpòtan nan Iran sizoka repiblik islamik la ta fè reprezay kont Etazini. Mesye Trump deklare bay jounalis abò avyon prezidansyèl la nan fen jounen dimanch 5 janvye 2020 an:
“Yo gen pèmisyon pou touye sitwayen nou yo, pou yo komèt zak maspinay kont yo, epi plase bonm arebò chemen pou eklate moun pa nou, e poukisa nou pa kapab touche enstalasyon kitirèl pa yo, sa pa ka fèt konsa.”
Antretan, prezidan chanm bas Etazini an, Nancy Pelosi voye yon lèt bay kolèg demokrat li yo pou di yo pare pou vote yon lwa sou lagè semèn sa a ki pral limite aksyon militè Prezidan Trump kapab pran vizavi Iran.