Konesans avèk Nouvo Premye Minis Nome Ayisyen an, Fritz William Michel

Fritz William Michel jwenn nominasyon li pou plas Premye Minis la pandan li te nan pòs li okipe kounyela a nan kabinè Minis Planifikasyon an. A 38 an, si palman an apwouve li, l ap tounen pi jèn Premye Minis nan tout istwa Peyi d Ayiti.

Misye Michel te frekante Kolèj Catts Pressoir nan Pòtoprens anvan li te al etidye Kontablite nan Enstiti Nasyonal Administrasyon, Jesyon ak Wot Etid Entènasyonal (INAGHEI), epi Syans Administrasyon nan Enstiti Wot Etid Komèsyal ak Ekonomik (IHECE).

Nouvo Premye Minis nome a genyen yon fòmasyon rijid nan finans. Fini li te fini fè etid li, li te anwole, an 20014 kòm yon estajyè nan Depatman Finans ayisyen an, kote li te travay nan Direksyon Bidjè. Apre sa li te tounen Kontab an Chèf nan Direksyon Jeneral Bidjè ak Afè Administratif, epi Direktè Finansye nan Enspeksyon Jeneral Finans.

Apre Misye Michel te fin sèvi nan kabinè Minis Alix Patrick Salomon, li ta pral pase yon ti tan nan sektè prive a: dabò kòm PDG konpayi PM Agripro SA epi ansuit nan Express Transport and Distribution. Pi ti ta pral retounen nan gouvènman an kòm direktè pèsonèl Depatman Ekonomi ak Finans, yon ministè kote li te okipe divès pòs sipèvizyon jous nan ane 2018.

Fritz William Michel se yon mesye marye; li genyen yon pitit. Li pale kreyòl, franse ak anglè.

Source: VOA Kreyol