Kont Rimè ak kanpay difamasyon.

Aprè nou te resevwa vye nouvèl troublan ki fè kwè bandi ta kidnape ansyen depite Profane Victor nan nivo sikisal BNC blòk Delmas 56, nou menm nan Juno7 nou te eseye antre an kontak ak konsène a pou nou te Jwenn bon enfòmasyon.
Byen vit nou te aprann pa gen anyen ki vrè nan rimè ki tap sikile sou rezo yo.

Kesyon n ap poze se pouki rezon moun sa yo ki kache deyè (Fake News) ap chèche sal repitasyon yon enstitisyon tankou Juno7 K ap fè anpil efò pou sèvi Kominote a nan diyite.

N ap pwofite demanti ak tout fòs nou vye pawòl ki vle fè kwè nou resevwa esponsò nan men depite Profane Victor. Li klè se moun malentasyone epi ki gen move lide nan tèt yo ki chwazi atake entegrite ak repitasyon entitisyon nou an nan fason yo marye non Juno7 ak pawòl devan dèyè sa yo.

Anplis fo nouvèl sa vini sou non Jounalis Garry Pierre Paul Charles ki bò kote pa li demanti se li menm ki ta siyen yon modèl rimè konsa.

Nou vle sa klè pou tout milye LEKTÈ nou yo ak sosyete a an jeneral okenn kanpay difamasyon, tire wòch kache men pap fè nou devye sou wout nou epi nap toujou kontinye bay popilasyon an sèvis nan lonè ak respè.