Lèzetazini Kontinye Ankouraje Dyalòg ant Aktè Ayisyen yo pou Rezoud Kriz Politik la

Nan yon mesaj Anbasad Etazini ann Ayiti mete sou kont Twitter li fè konen:
” Sou-sekretè d Eta pou afè Politik, David Hale, te chita pale, vandredi [6 desanm 2019 la] nan Pòtoprens Ayiti, ak Prezdain Jovenel Moise ak minis Afè Etranjè a, Bocchit Edmond, ansanm ak kèk lòt lidè politik, Yo pale sou kriz politik la ak sou nesesite, prese prese, pou yo tanmen yon dyalòg san paspouki antre yo.
Mete sou sa, yo pale sou sitiyasyon ekonomik peyi a ki pa bon menm. Yo te fè ti pale tou sou wòl Etazini jwe nan kesyon èd pou devlopman ak asistans imanitè.
Sou-sekretè d’ Eta Hale te pwofite remèsye gouvènman ayisyen an pou lidèchip li te montre nan fè demokrasi tounen nan peyi Venezuela. Peyi Etazini envite tout lidè ayisyen pou chita ansan, san poze kondisyon alavans, pou yo fè enpas politik la sispann e pou yo fòme yon gouvènman ki pral fè soufrans pèp ayisyen an sispann.”
Anpil reyaksyon ap tonbe apre vizit Mesye Hale la ann Ayiti. Opozisyon poko manifeste volote pou negosye ak gouvènman. Thandiske, gouvènman an bò kote pal afavè yon solisyon enklisiv nan kriz la.