Ministè Kondisyon Fanm Pote Swen Sante Bay Prizonye Fanm yo nan Kabarè

Minis kondisyon fanm ak dwa fanm fè dezièm vizit li nan prison sivil pou fanm nan komin Kabarè nan komansman semèn nan. Evelyne Saint Vil te gen ansanm avèk li plis pass yon dizèn medsen sosyete obstétrique ak jinekoloji nan lide pou evalue eta sante medam prizonyè yo.