Prezidan Jovenel Moïse ak Manm 2 Lòt Branch Pouvwa yo Onore Ewo Endepandans yo sou Channmas

Prezidan Jovenel Moise akonpaye ak Premyè Dam Martine Moise, Prezidan Sena ayisyen an Carl Murat Cantave ak Chèf pouvwa jidisyè a, Direktè Jeneral Polis la ak plizyè manm wo eta majò polis la ak lame tou nèf la, premye minis demisyonè a Jean Michel Lapin ak manm kabinè ministeryèl li a, depoze yon jèb flè nan pye moniman Jean Jacques Dessalines ak lòt ewo endepandans yo sou Channmas nan mitan kapital la tou pre palè prezidansyèl la.
Chèf leta a pat fè okenn deklarasyon nan moman apre li te fin resevwa onè militè nan men fanfa Palè Nasyonal la. Jan nouvèl yo fè konprann li an, Prezidan Jovenel Moise pral adrese l ak nasyon an nan okazyon selebrasyon 216è anivèsè endepandans peyi Dayiti, premye janvye 2020 an. E Chèf leta a ap prononse diskou sa a sou pewon palè a.
Fèt tradisyonèl endepandans premye nasyon nwa karayibeyen an konn fete nan site endepandans la, vil Gonayiv, sou plas ewo yo paske se la jeneral lame endijèn yo ki te gen alatèt yo Anperè Jean Jacques Dessalines, papa nasyon an te li ak deklarasyon endepandans peyi a premye janvye 1804.
Sepandan, nan okazyon 216 zan anivèsè endepandans la, gouvènman ayisyen an, kidonk laprezidans prefere selebre fèt la nan kapital la, Pòtoprens. Rezon an se pou ta evite konfli ak lese frape ant fòs delòd yo ak branch ame opozisyon an nan Gonayiv dapre deklarasyon responsab yo.
Pòt pawòl prezidan an ki tap pale ak laprès nan Pòtoprens fè konnen Jovenel Moise pa premye prezidan ki te prefere selebre fèt la nan kapital la e Prezidan Réne Preval se yon egzanp.
Branch opozisyon an nan Gonayiv kriye viktwa akoz prezidan an chwazi pou l pa vin Gonayiv. Senatè Latibonit la, Youri Latortue, manm opozisyon politik la di absans Prezidan Moise nan site endepandans la premye janvye 2020 an se yon viktwa pou pèp la. Patizan pouvwa a kwè se yon desizyon saj.