Prezidan Jovenel Moise Fè yon Vizit Konpreyansyon nan ULCC, Inite Lit Kont Koripsyon

Prezidan ayisyen an Jovenel Moise patisipe nan jounen Pòt ouvèt nan biwo Unite de Lutte Contre La Corruption (ULCC) pou sansibilize popilasyon an ak moun k ap travay nan leta sou nesesite pou fè deklarasyon Patrimoine yo kodon byen yo posede anvan yo te fonksyonè leta ayisyen.
Prezidan Moise deklare vizit li fè nan enstitisyon an pèmèt li genyen yon meyè konpreyansyon sou nesesite pou lit kont koripsyon an kontinye. Lidè ayisyen an pwofite okazyon an pou l pale de asistans finansye e teknik li mande òganizasyon Eta Ameriken yo pou ede nan lit kont koripsyon.
Direktè ULCC a mè Claudy Gassant bay ajan fonksyon piblik yo jiska 31 janvye pou deklare patrimwann yo.