Prezidan Jovenel Moise Pwomèt Ed pou Machann Viktim Dife Mache Dipò Ipolit yo

Prezidan Jovenel Moise mete yon mesaj mete sou rezo sosyal Twitter pou li eksprime solidarite total pou komèsan ki viktim nan ensandi a. Lidè ayisyen an di li pase enstriksyon klè pou gouvènman an bay sipò nesesè pivit posib.
Ayiti-Politik
Sena modifye ayisyen an gen yon nouvo biwo apre vòt ki dewoule madi 14 janvye 2020 an. Senatè Sid Pierre Francois Sildor eli kòm prezidan, Jean Marie Ralph Fetières kestè ak Wanique Pierre kòm premye sekretè.
Senatè Jean Marie Junior Salomon, ki pwoklame tèt li kòm prezidan pwovizwa gran kò a ke prezidan Jovenel Moise pa rekonèt, di li prale nan tribinal pou l retounen nan pòs li.