Nòt pou Laprès Elektrisite DAyiti (EDH)

Elektrisite DAyiti (EDH) ap enfòme kliyan li yo ak popilasyon an ki nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan nivo pwodiksyon li estab poul kontinye alimante sikwyi li yo ak kouran elektrik tankou li abitye fèl. Malerezman, malgre jefò Konpayi an ap fè poul kontinye Kenbe yon nivo sèvis apresyab gen plizyè sikwyi ki mal alimante akoz aksyon kèk raketè ki pran plezi nan detounen liy EDH yo.

Pandan EDH ap eskize l devan tout moun pwoblèm sa fè soufri, lap mande abòne li yo ak popilasyon an pou yo pa pran nan pyès chantay raketè ki ap vin ofri pou mete yo sou lòt sikwyi.

Tout moun dwe manifeste Vijilans yo. Se EDH sèlman ki gen dwa opere sou rezo a oubyen lòt operatè ki legal.

Nenpòt kliyan EDH osinon nenpòt sitwayen/sitwayèn ki ta remake yon endividi sispèk sou rezo a, se pou l rele nan 2811 9594 / 2811 9595 / 2212 2212 pou EDH ka mete lòd nan dezòd. Lè yon moun aksepte fè dil ak raketè pou ba li kouran sou rezo EDH la, non selman lap pèdi kòb li a, li pran gwo risk poul al nan prizon epi peye amand.

EDH konte sou pasyans ak konpreyansyon tout moun pandan lap remèsye yo pou kolaborasyon yo abitye ba li.

Peye kouran EDH ak jwenn kouran EDH se marasa !

Mesaj EDH Kominikasyon

Tags: