Plizyè Moun Mouri Asasine Pami yo yon Manm Wo Eta Majò Polis la, Michael Lucius

Ministè lajistis ak sekirite piblik denonse e kondane ak tout fòs li asasina Enspektè jeneral Michael Lucius ki se ansyen direktè DCPJ, Direksyon Santral Polis Jidisyè a ann Ayiti. Misye Lucius mouri anba bal enkoni tou pre lakay li nan Vivy Mitchell, yon katye rezidanysèl nan komin Petyon Vil.
Nan nòt la ministè a kondane asasina ki te fèt sou 2 polisye nan vil Akayè nan moman yo tap retire barikad ki te bloke wout nasyonal nimewo 1an ak asasina sou 3 jèn e blese 2 lòt nan zòn Gressiers 30 novanm pase a. Ministè a mande lajistis pou chache koupab yo ansanm ak konplis pou trennen yo devan lajistis.
Yon lòt kote, Direksyon Polis Nasyonal la nonmen komisè prensipal Jacques Adler kòm responsab vil Sen Mak nan plas Komisè Jean Claude Jean ki pase 2 mwa nan pòs la. Nominasyon sa a fèt samdi 30 novanm nan 24è apre fòs de lòd yo pat rive mete men sou ansyen depite Arnel Belizaire nan moman li tap bay yon konferans de près nan vil Sen Mak.
Ansyen depite Delmas/Tabarre la te jwenn arestasyon nan antre vil Jakmèl samdi 30 novanm nan ansanm ak 7 lòt moun abò 3 machin ki te gen zam, minisyon ak lajan. Komisè gouvènman Pòtoprens la mèt Jacques Lafontant te mete yon manda darè dè ansyen depite a anba akizasyon menas kont site enteryè leta ak kont enterè Anbasad Amerikèn.