Vant siyati liv " Narations du sensible" jodi vandredi a nan banj

Jouen Jodi vandredi 10 janvye a, bò katrè nan lapremidi, nan lokal banj ki twouvel delma 66, nan yon anbyans zamitay, plizyè dizèn moun patisipe nan vant siyati liv “Narations du sensible” ke jèn epsikolog Jeff Matherson Cardichon ekri. Liv sila ki se premye ouvraj jèn ekriven, rasanble temwayaj plizyè reskape tranblemann tè 12 janvye pase a.

Eslogan “Ou ka rebondi” (ki te nan mayo tout moun ki fè pati estaf), se te pawol kle nan vant siyati a. Ak anpil souri sou lèv, bèl akèy epi ak yon koupon (ki gen foto otè a, non l, non liv la ak nan ki lide otè a reyalize zèv sila), manm akèy yo te resevwa moun ki fè deplaman an

pou vinn separasye gwo travay sila.

Apre vant kèlke liv ak kèk foto, Alexandro Nicolas (ki fè pati de estaf la) te pran lapawòl pou entwodui otè a, li te tou pwofite pataje eksperyans sa l te viv 12 janvye a (pa nan yon anbyans tristès men nan lide pou selebre lavi) epi l te envite tout moun panse ak eslogan ou ka rebondi ke l jije ke limenm li fè. Apresa l pase lapawòl ak Carel Pedre ki pataje eksperyans pa l.

Nan kad vant siyati sa, nou remake prezans plizyè gwo palto tankou ekonomis Marc allain Bouscot, Enomy Germain ak plizyè lòt ankò. Vant siyati dewoule nan bèl anbyans, e piblik vite fè deplaman an te parèt satisfè anpil. Otè a te kontan pataje ti moman sa ak piblik la e l pwomèt ap gen lòt vant siyati nan jou kap vini la yo.

SIYATI : Ravensley BOISROND

PASE MEN : Rodly SAINTINÉ

MAK FABRIK : Chokarella 2020