Kisa sèvo machin lan ye egzakteman ?

Yon machin gen yon pakèt eleman elektwonik ak mekanik ki konstwi li. Gen youn nan yo ki reprezante sèvo sistèm nan. Tankou yon moun, li nesesè pou fonksyonman chak modèl machin. Se sa ki koz anpil fwa yo konn vòlè li

Pyès yo rele sèvo a gen bon non li an anglè ki se engine control unit (ECU), ki vle di nan lang kreyòl « inite kontwòl motè ». Souvan yo rele yo tou nan menm lang lan engine control module (ECM). Li siyifi nan lang pa nou modil kontwòl motè.
Anvan pyès sa te envante, tout bagay nan machin yo te konn regle yon fason mekanik.

Pyès yo rele sèvo a gen bon non li an anglè ki se engine control unit (ECU), ki vle di nan lang kreyòl « inite kontwòl motè »

Ki wòl pyès sa jwe?
Joël Jasmin se yon mekanisyen ki ap travay nan ri Lantèman, toupre pi gran simityè vil peyi a. Yon rad sou li pèdi koulè tèlman li benyen ak lwil machin. Li kouche anba yon  RAV4 pou li fè kèk aranjman.
Misye fè konnen, sèvo machin nan se yon pyès nan machin ki pèmèt diferan fonksyon motè yon machin, byen mache. Li trete plizyè enfòmasyon ki gen rapò ak operasyon elektrik motè machin nan. Li souvan kontwole plis pase 100 faktè nan yon machin.
Pyès sa pran enfòmasyon nan men detèktè ki nan motè machin nan, selon sa Jean-Claude Noël di. Li se yon mekanisyen k ap travay nan yon garaj nan petyonvil. Li fè konnen, pyès la itilize enfòmasyon li jwenn yo pou kalkile epi ajiste motè machin nan.
Anpil machin nan tan modèn nan itilize yon tip enjeksyon pou distribiye gaz nan silenn yo. Modil kontwòl motè a kontwole ki kantite ki pou distribiye parapò ak done li jwenn nan men detèktè yo.
Kisa ki ka genyen si sèvo a paka fonksyone ?
Gen anpil pwoblèm ki ka rive si grenn pyès sa ki se sèvo machin nan gen yon ti pwoblèm oubyen pa la.
Si sa rive, tablo ki anfas chofè a ki bay enfòmasyon sou machin nan ap limen ak yon vwayan ki di ki pwoblèm ki ka genyen. Sa vle di, yon sèvo ki gen defo, ap pwodui kèk sentòm kle ki ka fè chofè a konnen pwoblèm yo.
Jean-Claude Noël, eksplike :
Depi pyès la gen pwoblèm, motè a ka ap plede bloke. Sa se yon konpòtman iregilye ki fasil gen nan motè a. Yon sèvo ki gen defo ka lakòz pwoblèm sa tanzantan nan motè a. Sentòm yo ka vini epi ale. Jiskaske sèvo a kraze nèt.

Depi sèvo a gen pwoblèm, motè a ka ap plede bloke.

Se pa selman sa, pèfòmans fèb motè an se yon lòt sentòm yon pwoblèm posib avèk yon sèvo ki pa bon. Si li p ap pyen mache, sa ka lakòz motè a gen pwoblèm gaz pou li mache. Sa ki vle di, gaz la ap vin gen difikilte pou li distribiye nan motè machin nan ak nan lòt pyès ki la pou sa. Depi sa rive lap afekte negativman pèfòmans machin nan. Yon sèvo ki gen pwoblèm ka diminye efikasite nan puisans ak akselerasyon machin lan.
Sa ki pi mal la, lè sèvo machin nan deranje, machin nan ka deside pa demare ditou. Oubyen li vin trè difisil pou li demare. Nan ka sa sèvo a kraze nèt. Depi sa rive, li pral kite machin lan san kontwòl. Li posib pou motè a kontinye tounen, men li pap posib pou li fè machin nan mache.
Joël Jasmin, jèn gason nan ri lantèman an ajoute : « Menm jan an tou, pwoblèm paka demare machin nan ka rive akoz lòt pwoblèm. Pou moun nan konnen sa pou li fè, li dwe chache yon mekanisyen pwofesyonèl ki pou gade machin nan pou li. »
Idantifye pwoblèm ki gen nan sèvo machin nan
Sèvo machin nan ka andomaje pou plizyè koz. Yon fwa moun kap kondwi li a aprann sa ki koz li gen pwoblèm, li ka evite dega ki gen aprè yo. Yon sèvo ka gen pwoblèm, selon Joël Jasmin, akoz dlo ki tonbe ladann.
Jean-Claude Noël bò kote pa li presize, sèvo a kapab deranje tou akoz yon kousikwi oubyen si yo ogmante chaj ki nan sikwi yo.
Li tou: Blindage de véhicule, une industrie en plein boom en Haïti
Nan ka kousikwi a, si moun nan rive idantifye se sa ki pwoblèm nan, li ka repare aksyonè ki nan machin nan. « Se pou moun nan byen pran san li, pou li verifye epi asire bon foksyonman chak pyès sèvo a moutre ki gen pwoblèm. Konsa moun sa ap evite sèvo a gen pwoblèm. », se konsa li konkli.