Anplwaye EDH yo proteste kont nominasyon nouvo DG a

Anplwaye EDH yo proteste kont nominasyon nouvo DG a, Michel Présumé

Pòtopwens, Ayiti.- Anplwaye EDH pwoteste jodi mèkredi 8 jiyè a kont nouvo direktè jeneral la, Michel Présumé, yo akize nouvo direktè jeneral la kòm moun ki te privatize TELECO epi voye anpil manman ak papa pitit nan chomaj.

Tout direksyon, sèvis ak seksyon te paralize nan biwo santral EDH nan kapital la. Anplwaye yo tap boule kawotchou devan baryè a, epi manifeste sou lakou EDH la .

Nap raple Michel Présumé ranplase nan pòs sa Hervé Pierre Louis.

À lire aussi: Michel Présumé est nommé au poste de directeur général de l’ED’H