Sekretè Jereral OEA a, Luis Almagro, Fè yon Vizit 24 Trè ann Ayiti

Sekretè Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken an yo Luis Almagro trouve l ann Ayiti depi lendi 6 janvye 2020 an pou yon vizit 24è. Nimewo 1 òganizasyon rejyonal la gen pou l rankontre Prezidan Jovenel Moise, kò diplomatik la, klas politik la pou diskite sitiyasyon sosyo politik la.
Nan yon mesaj Misye Almagro mete sou rezo sosyal Twitter li pale de rankont li te genyen ak anbasadè ameriken an ann Ayiti Michele Sison pou diskite sitiyasyon politik peyi a ak enpòtans kolaborasyon ant OEA ak Etazini pou wè fason yo kapab mete sou pye pwojè ki vize ranfòse demokrasi ak dwa moun nan peyi Dayiti.
Nimewo 1 l’OEA a te rankontre tou Core Group la pou l souliyen enpòtans pou sipòte estabilite sistèm politik la nan peyi a. Vizit sa a rive nan moman Ayiti ap pare pou l asire prezidans Konsèy Pèmanan OEA soti avril pou rive jwen 2020.