Yon Nouvo Asistan Reprezantan Espesyal l' ONU nan Biwo BINUH ann Ayiti

Sekretè jeneral Nasyon Zini Antonio Guterres anonse nominasyon franse Bruno Lemarquis kòm asistan reprezantan espesyal li nan Biwo Integre Nasyon Zini an nan peyi dAyiti (BINUH).
MIsye Lemarquis ap sèvi tou kòm kowòdonatè Rezidan e Imanitè Nasyon Zini ann Ayiti. Nouvo responsab la ap ranplase Gineyen Mamadou Diallo pou kontribisyon nan Misyon Nasyon Zini pou Sipòte Lajistis ann Ayiti (MINUJUSTH).