TONTON NWÈL BLIYE AYITI!

Pase nan pit etwal, poupe pou ti fi, ti machin a pil pou ti gason, fanal, Mizik nwèl tout kote prensilman Télémax Supa Deno, Max Aubin, Michael Benjamin,Yolette Lagrandeur, Wesner Bellegarde, Jean Edner Trezil… ki te suiv tras yon moun tankou Lionel Benjamin, dekorasyon devan palè nasyonal ak tout chanmas la, peta, reveyon tout kote, ti transfè ou te konn resevwa nan Atesko ak bobby transfè, Diaspora kap antre vinn fete ak fanmi yo. Si ou sonje tout bagay sa yo, ou pwobableman ap tris menm jan avèk mwen!

Eske anpil nan nou ka bay manman nou ou byen madanm nou yon 25 mil goud pou prepare yon soup jomou? Eske nou ka distribye Boni nou fè nan travay la an desanm bay vwazinaj ou fanmi ki pa genyen tankou nou te konn fè sa?  Konbyen nan nou ki ka achete yon kodenn pou 10 mil goud? Ane a m pa bay okenn moun mwen te konn fè ti jès manti, depi avan fèt mwen tou di tout moun li pap posib, mwen pa gen mwayen fè ti jès abityèl la.

Lè mwen ti moun map grandi, m te gen 3 gwo dat nan kalandriye mwen map priye pou rive. Premye gwo dat la se 24 desanm, dezyem gwo dat la se 31 desanm e se sèl 2 dat nan ane a mwen te gen otorizasyon kite 9 è pran mwen deyò. E lòt dat la se te Premye janvye, se dat sa ou pase kay tout fanmi ranmase “Larenn Zanne” ak bèl ti rad nèf ou sou ou. Map panse a epòk pam lèm te genyen 10 zan, 11 zan e map gade ti moun ki ap viv kounya an ayiti ki genyen menm laj sa tou e m rive rann mwen kont ki jan “NOU MALONÈT”, Dirijan peyi a vòlè rèv ti moun yo, dirijan Ayiti konpwomèt avni nou tout.

Sa ki pi grav la, ta sanble sa pa deranje anpil moun. Lè peyi pa pèmèt paran gen kòb nan pòch li pou okipe ti moun yo, peye lekòl pou yo, ba yo manje, se kondane nou kondane yo. Mwen ta vle di bagay yo di an ayiti, men se tap 1 manti, bagay yo pa di Ayiti, “BAGAY YO ENPOSIB”.

Gen de moun an blag yo konn mande: “Koman Malere fè viv”? Mwen menm Fernando ESTIMÉ map poze kesyon an seryezman Ki sa Ayiti fè pou pèmèt manman ak Papa pitit viv?

Lè map grandi pi gwo vyolans 1 jèn fè sou 1 jèn parèy li se fè 1 fot sou li nan Basket ou nan Foutbòl, Jounnen jodi “LETA MALATCHONG” (Paske se li ki ta dwe gen monopòl vyolans lejitim nan nan men li) pèmèt group jèn gason ak zam kontwole pi fò peyi a.

Nap remake ke m itilize mo pèmèt e m itilize mo “pèmèt” la ak rezon paske an Ayiti nou pa fè zam, nou pa fè bal se leta ki fayi ak misyon li pou kontwole sa kap rantre nan peyi a ki fè tout zam sa yo nan peyi a.

Nou a kelke jou de fen dane, ki donk li evidan ke majorite ti moun ki ap viv Ayiti jodi a pap gen okazyon gen bèl 24 desanm nan men yo, ni bèl 31 desanm alevwa pou Premye janvye. An pasan, pou sa ki te gen chans ale lekòl ane sa (Paske 1 bon valè poko ale), gen anpil ladan yo ki pap konpoze paske gen lekòl ki oblije ranvwaye egzamen paske dat pou yo te fèt la te gen pwoblem nan peyi a. Ki donk ti moun sa yo mèt bliye ti kado Nwèl Direksyon lekòl te konn bay nan epòk m te lekòl lè ou figire nan “Tablo donè” a. Ti moun kounya yo pap fè eksperyans sa non plis. 

Antouka mesye MÈSI! NOU MALONET. Nen frèt pa kalite, figi di pa kalite, sanwont pa kalite, volè pa kalite, men pa bò isi nou fè yo tounnen doktrinn.

Nou dwe travay pou nou konstri yon pi bon peyi pou tout pitit bout tè sa.

Fernando ESTIMÉ