Okay: Otorite yo Ap Chache 8 Moun Ki Disparèt nan Nofraj yon Ti-Bato Transpò Lokal

Pwoteksyon Sivil, Gad Kot, ak Sèvis Maritim nan Sid peyi a ap chache 8 dispari nan yon nofraj yon ti bato ak vwal ki asire trajè Kay Il-a-Vach. Korespondan Lavwadlamerik Jean Henrst Eliscar ki rapòte nouvèl la ta fè kwè bato a te gen abò li 32 pasaje. 2 nan yo ta mouri neye e 23 lòt chape.