Senatè Dieudonne Numa Étienne Kwè Se Tèt Ansanm Ki Dwe Triyonfe nan Okazyon Fèt Endepandans la

Senatè Nò a, Dieudonne Numa Étienne, ki tap pale nan mikwo korespondan VOA Kreyòl Yvan Jasmin, fè konnen se tèt ansanm sèlman ki ka resoud kriz peyi Dayiti ap travèsè a. Paske dapre li se tèt ansanm sa ki te ba nou endepandans.