Ayiti: Opozisyon Radikal la Aksepte pou Lekòl Relouvri Men Kontinye Egzije Depa Prezidan J. Moise

Paran ann Ayiti, ki te oblije kenbe timoun yo lakay yo pou anpeche yo viktim zak vyolans pandan manifestasyon opozisyon tap fè atravè peyi pou fòse Prezdain Jovenel Moise, ap kapab voye timoun yon lekòl, dapre dispozisyon ministè edikasyon nasyonal e ak dènye anonse branch opozisyon radikal la ki anonse modifikasyon nan kalandriye mobilizasyon an.
Ouvèti lekòl la ki te dwe fèt depi nan mwa septanm 2019 pase pat rive fèt kòm sa dwa. Apil lekòt te kenbe pòt yo fèmen pou yo pat tounen sib manifestan ki te mete dife nan plizyè biznis. Majorite elèv yo oblije pèdi premye trimès ane eskolè 2019-2020. Pandan yon moman kote kantite manifestasyon yo ak barikad yo te bese kèk lekòl te eseye rekòmanse louvri pòt yo. Sepandan endividi moun pat rive idantifye te lage matyè fekal devan kèk nan etablisman sa yl sa yo ki tap eseye lelouvri pòt yo.
Nan yon konferasn pou laprès jou pase yo minis edikasyon nasyonal la Pierre Agenord Cadet te anonse yon modifikasyon nan kalandriye ane eskolè la yon fason pou elèv ka ratrape tan yo pèdi yo.
Moun te ka remake yon bès nan mouvman mobilizasyon opozisyon an pandan fèt fen dane yo. E manifestasyon ki te anonse nan kapital la nan okazyon 216èm anivèsè endepandans peyi a te anile. Nan fen semèm pase a, pòt pawòl branch opozisyon radikal la, Mèt Andre Michel, nan yon konferas deprès fè konnen opozisyon an pap dakò l jan Prezidan Joveneo Moise vle a la pou elèv yo pèdi ane lekòl.
Yon lòt kote, Mèt Andre Michel bay yon nouvo kalandriye mobilizasyon kote li anonse manifestasyon kap fèt depreferans lannuit ak wikenn, lè pa gen lekòl. Senatè Youri Latortue, ki reprezante branch opozisyon an nan Latibonit, nan yon mesaj li ekri sou kont Twitter li, pale nan menm sans ak Mèt Andre Michel.