Lapolis nan Venezuela Anpeche Lidè Opozisyon an Juan Quaido Antre nan Palman an

Lidè opozisyon Venezuela a, Juan Guaido, lanse kèk pawòl piman bouk kont la polis dimanch 5 janvye 2019 la poutèt yo pat kite l antre nan asanble nasyonal la, kote palmantè yo ta pral vote pou bali yon dezyèm manda kòm prezidan palman an.
Lapolis te anpeche l antre andedan an, kote yon lejislatè ki patizan Prezidan Nicolas Maduro tap prete sèman pou ranplase l alatèt chanm bass venezuelyen an. Mesye Guaido te eseye grenpe sou tèt yon baryè men li te echwe nan tantativ pou’l rantre nan bilding asanble nasyonal la.
Palmantè nan opozisyon an te re-eli Juan Guaido pandan yon seyans lejislatif prese-prese ki dewoule nan katye jeneral jounal El Nacional la, ki se sèl grenn jounal nan Karakas ki pa danse kole ak gouvènman sosyalis prezidan Maduro ap dirije a.