Yon Bouskilad nan Fineray Gwo Jeneral Iran an, Qassem Soleiman, Lakoz 32 Moun Mouri

Medya leta nan Iran rapòte jodi madi a 7 janvye 2020 an, yon bouskilad nan fineray gwo jeneral Qassem Soleimani, kote omwen 32 moun moun mouri  e 190 löt blese.
Plizyè dizèn milye moun te rasanble nan Kerman, ki se vil natal defen jeneral la, nan moman yo tap mete sèkèy li nan dènye demè li. Gen seremoni kap fèt nan menm sans la semèn sa a nan kapital iranyen an, Teheran, amsanm ak vil Qòm e Ahvwaz.
Dapre medya leta repiblik islamik, yo te ranvwaye seremoni-a alasuit bouskilad la. Asasinay jeneral Soleimani, ki peti semèn pase, anba yon frap avyon telegide ameriken, pwovoke laperèz kòmkwa Etazini kapab antre nan yon pi gwo fass kare ak Iran, kote tou 2 peyi yo menase  pou youn reponn lòt la kif kif pou nenpòt ki artak ki ta fèt apre sa..