Yon Tranblemanntè 6.4 Frape Puerto Rico Douvan Jou Madi 7 janvye a

Yon tranblemanntè magnitid 6.4 frape teritwa ameriken Puerto Rico vè 4 trè dimaten madi 7 janvye 2020 an. Selon jounal an lin, Miami Herald, majistra vil la ki tap pale sou yon chèn televizyon fè konnen, gen 8 moun ki blese nan vil Ponce. Gouvènè Puerto Rico a Wanda Vazquez di li bay tout anplwaye leta yo konje nan moman an.
Santral elektrik Puerto Rico a sibi kèk domaj dapre yon tweet otorite yo. Se youn nan pi gwo tranblemanntè pami yon seri gwoudougwoudou vil la sibi sèdenye tan e sitou depi nan mwa desanm 2019 pase a. Moun te obsève tou yon efè tranblemanntè a vè 7 tè nan maten ki te frape eta a ak yon magnitid 6.0.