Konsèy Sekirite Nasyon Zini an Eksprime Enkyetid li Devan Kriz Politik Peyi Dayiti a

Nan yon nòt pou lapres, manm Konsèy Sekirite Nasyon Zini yo eksprime enkyetid yo genyen konsènan enpas politik Ayiti retwouvel depi kèk tan an. Yo soulinye nesesite ki genyen pou tout aktè politik yo chita ansanm, epi angage yo imediatman nan yon dialòg pou yo fòme yon gouvènman ki reponn a bezwen pèp ayisyen an san pèdi tan.