Un ex-sénateur Haïtien dénonce les manoeuvres déloyales et dangereuses de Jovenel Moïse « pour réduire au silence l’opposition Haïtienne »

Le pouvoir, à la Duvalier, multiplie des événements, tels « infiltration, complot… » pour tenter de maitriser des situations alors que les haitiens plongent dans le desespoir et la misere

Dans la série des manœuvres dilatoires et de persécutions politiques, qu’entreprennent la DCPJ et le commissaire Lafontant, pour satisfaire les ambitions du président Jovenel Moïse, à qui la justice haitienne n’a jamais demandé des comptes sur sa présumée implication dans la dilapidation des fonds de Petro Caribe, selon la Cour des Comptes; l’institution de la police judiciaire introduit le terme d’infiltration dans les affrontements réels entre soldats et policiers et quant au commissaire Jacques Lafontant, nous rappelant tristement la servilité et les basses œuvres de Lamarre Belizaire, celui-ci vient avec « atteinte à la sureté de l’Etat et tentative de coup d’état » visant au renversement du président, lequel est décrié par des millions d’haïtiens continuant de réclamer la démission pour corruption et incapacité totale à diriger le pays.

mais qui va demander des comptes a martelly pour ses incartades de lundi soir au cap-haitien ? s’interroge Cheramy

Jeudi 27 février 2020 ((rezonodwes.com))–

Pòtoprens, 26/02/2020

Biwo Politik Antonio CHERAMY

Biwo politik Antonio CHERAMY ap salye pèp ayisyen an alawonnbadè, espesyalman mas popilè a kap reziste anba pwojè divèsyon ak represyon politik tout kalte rejim PHTK a ak konplisite malonèt kèk eleman nan entènasyonal-kominotè rasis la.

Depi kèk tan, anba chal, nou te gentan okouran plizyè mannèv politik malouk rejim enpoze sa a t ap prepare sou do nou. Men, nou te kenbe tout sanfwa nou san nou pat vle antre nan denonse pèsonn anvanlè sou baz rimè. Nou te chita pou nou te analize epi fouye zo nan kalalou pifon anvan nou te pwononse nou sou nenpòt kesyon kòm moun ki gen responsabilite politik. Nan vizyon nou kòm moun politik, nou pa kwè se polemik-koken ak voye toya tankou djaz nan kanaval ki ka rezoud kontradiksyon ki gen nan reyalite politik la k ap rive swa eklate osnon kalme.

Se pito se nan gade pozisyonnman ak repozisyonnman aktè yo n ap rive sezi kan chak aktè politik. Konsa nou konprann tou, se sèl nan gwo moman kriz yo n ap dekouvri kilès ki ki moun.

Nou te deside fè rapèl sa a se nan kontèks nou aprann yon latriye manda-entimidasyon an bandisyon ap mache rive jwenn kèk sitwayen nan peyi a, tankou ansyen senatè Cheramy. Sa pa etone nou menm nan biwo politik senatè a paske nou te konnen depi lè senatè a te nan palman an yo te toujou vle melanje li nan sòs kòripsyon mafya yo, men diyite l ak rezistans li te temwanye liy konviksyon li.

prezidan Martelly ap marinen yon konplo ak tout lòt akolit li yo pou fini ak kèk fanmi nan peyi a

Dènye moman sa yo, sitou aprè mereng atis/senatè a, kote li denonse apwopriyasyon pèsonèl ak endividyèl yon gwoup nan sektè prive retrwograd la fè sou resèt fiskal nan ladwàn peyi a ki ta marande ak ensekirite piblik k ap taye banda nan zòn metwopolitèn yo ak kèk zòn nan pwovens yo; mafya y ap tante lage 2 gidon nan kò senatè a ak moun yo sispèk ki pwòch li. Men nou konnen pozisyon senatè a se yon reyalite piblik nan peyi a ki konstate envestisman sosyal y ap bese pi plis poutan gen anrichisman prive kèk moun k ap fèt sou do mas la.

Wi nou sèten anviwònman prive ansyen prezidan Martelly ap marinen yon konplo ak tout lòt akolit li yo pou fini ak kèk fanmi nan peyi a ki pa kanpe sou menm bit politik ak yo.

fòk pwomès kouran an ateri, fòk pwosè petwo karibe a fèt

Pandanstan sa a nan pran pawòl nan piblik gouvèlman defaktto ki pa menm gen lejitimite pèp ayisyen an ap mache di yo nan Etadedwa. Ki Etadedwa ? Pandan nou kontinye ap bay manti sou pwojè kouran, sou pwojè wout, sou pwojè ledikasyon, sou pwojè anviwònman, sou ogmantasyon salè travayè ak travayèz yo sitou lapolis, sou pwojè lasante…elt. Nou te panse pèp la te egare ? Antouka, nou konprann! Chak lè yon sitwayen poze yon pwoblèm nou fè l pase pou sous pwoblèm nan.

Nou menm nan biwo politik senatè Antonio CHERAMY, nou panse pa gen wout pa bwa, fòk pwomès kouran an ateri, fòk pwosè petwo karibe a fèt… elt. E nou rete kwè se pa nan voye manda-entimidasyon ak divèsyon bay pwòch senatè a ak senatè a li menm ki pa danse kole ak nou, pwoblèm estriktirèl ki makonnen kriz konjonktirèl yo ap rezoud. Se tout kote moun konstate rejim bout di sa a ki pa vle di non l, yo koumanse bare yo. Enflasyon ki gen la a se pa manda kont opozan yo k ap rezoud li.

Mouvman polis yo ki nan lari a se rezilta fo pwomès nou ak enkonpetans politik nou ki lage l kote l ye a. Rejim-represyon sa a pa rann li kont se tout sektè nan lavi nasyonal ki an kriz ? Si peyi a pa ta soulve aprè plis pase 4 milya dola vèt boule, se kòm si pa ta rete sitwayen ankò sou tè Boukman ak Desalin nan. Chaje kidnapin, banditis sosyal k ap ogmante nan peyi a, poutan n ap chache yon moun bay chay pote. Poukisa yo te bay rejim sa a manda sa?

Boutofen, nou panse nou pa gen dwa kite peyi a bay okenn pwojè ki pa wè lavi pèp la anvan tout bagay. N ap aprann dirijan rejim nan sa a, yo pa janm peye moun pou yo batay pou diyite yo paske pwoblèm move lavi chak pèp yo ekspoze nan figi yo. Konbyen lajan pou yon politisyen ta genyen pou yo ta peye yon pèp ki pran lari depi 22 janvye 2015 epi jouk kounye a pou l ta deyò toujou ?

Nou p ap fè lach !

Nou poko janm rann nou kont sistèm sa a pa kapab pou l renouvle tèt li ? Se vre kriz peyi a chita lontan, nan rasin peyi a, nan fondasyon peyi a, men dènye gagòt petwokaribe yo tèlman klè pou tout sitwayen, pèp la ki granmoun tèt li pa dakò kite sa pou nou.

Nou mèt pale jan nou kapab, aprann sa, nou se pitit peyi a, kidonk nou p ap mawon! Vagabon se lannuit sa mache paske lajounen nenpòt sitwayen vijilan ak responsab ka mare yo.

Nou p ap fè lach !

Biwo Politik Antonio CHERAMY