Victimes de coronavirus – Témoignages de sympathie des Evêques d’Haïti à la communauté haïtienne des Etats-Unis par le truchement de Mgr. Sansariq
Guy Sansariq est le premier prêtre haitien nommé évêque aux Etats-Unis. Il a été consacré évêque auxiliaire de Brooklyn en 2006 et évêque titulaire de Glenndálocha. Il a pris sa retraite le 24 octobre 2010. En 1960, il a été ordonné prêtre à la cathédrale de Port-au-Prince. Précisons, bien qu’il soit parti à la retraite, Sansariq reste très actif dans le diocèse de Brooklyn, spécialement auprès de la communauté haïtienne ayant enregistré plusieurs victimes de covid-19…
Nòt senpati ak solidarite pou kominote ayisyèn nan Ozetazini
Monseyè Guy SANSARIQ,
Evèk Oksilyè nan Nouyòk
Frè ak Sè nou yo AYISYEN toupatou Ozetazini
“GRANMET la di: Se mwen menm k’ap ban nou kouray” (Izayi 51, 12).
New York, samedi 9 mai 2020 ((rezonodwes.com))–
Se avèk pawòl konsolasyon sa a yo, nou pran nan bouch pwofèt Izayi, nou vle salye epi konsole frè ak sè nou yo AYISYEN kap viv Ozetazini, sitou sa a yo kap viv nan kominote yo ki te pi touche ak pandemi koronaviris la. Nou apran n kijan yo te goumen ak maladi sa a, kijan yo pèdi anpil manm nan batay sa a. Nan non Evèk Katolik tout dis (10) dyosèz nan peyi Dayiti, nou vi n di yo kouray.
Nou vi n di nou kijan nou avèk nou nan kalamite sa a. Nou vi n ofri nou solidarite frè ak sè bò isit nan peyi Dayiti ki sansib anpil pou renmen nou genyen pou peyi nou ak pou frè ak sè nou yo ki rete bò isit. Nou vi n di nou kijan nou avè nou nan lapriyè pou BONDYE li menm vi n konsole nou epi ede nou leve kanpe, leve mache apre gwo batay pou lavi sa a nou sot mennen an.
Se pou BONDYE fi n ede nou geri nan lespri nou ak nan kò nou. Se poul pwoteje nou e se poul refè fòs nou pou nou kontinye reziste kont koronaviris la. Se pou eprèv sa a ranfòse lafwa nou nan Li epi ranfòse lyen solidarite nan mitan pèp ayisyen anndan tankou andeyò peyi a.
Se pou Manman Mari, Notredam Pèpetyèl Sekou, Patwòn peyi nou an, kontinye veye sou Ayiti.
Siyati Evèk Katolik Ayiti yo:
Monseyè Launay SATURNÉ
Achevèk Metwopoliten Kap-Asyisyen
Prezidan KEA
Monseyè Joseph Gontrand DÉCOSTE, SJ
Evèk Jeremi
Sekretè Jeneral KEA
Chibly Cardinal LANGLOIS
Evèk Okay
Monseyè Max Leroy MÉZIDOR
Achevèk Metwopoliten Pòtoprens
Monseyè Pierre Antoine PAULO, OMI
Evèk Pòdepè
Monseyè Yves Marie PÉAN, CSC
Evèk Gonayiv
Monseyè Pierre André DUMAS
Evèk Ansavo / Miragwàn
Visprezidan KEA
Monseyè Marie Érick Glandas TOUSSAINT
Evèk Jakmèl
Ekonòm KEA
Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM
Evèk Fòlibète
Monseyè Désinord JEAN
Evèk Ench
Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB
Evèk Oksilyè Pòtoprens
Monseyè Louis N. KÉBREAU, SDB
Achevèk Emerit Kap-Ayisyen
Monseyè Wily ROMÉLUS
Evèk Emerit Jeremi
Monseyè Jean Alix VERRIER
Evèk Emerit Okay
Monseyè Frantz COLIMON, SMM
Evèk Emerit Pòdepè
Monseyè Joseph LAFONTANT
Evèk Oksilyè Emerit Pòtoprens