#BEAPP MET TÈT ANSANM AK COCA-COLA POU L KREYE COKE STUDIO SESSIONS

Katy Perry, Bebe Rexha, DJ Khaled, Steve Aoki ak lòt atis ap lanse l ak 60 jou mizik an dirèk
pou fanatik yo nan lemonn antye

PÒTOPRENS Madi 26 me 2020 #BeApp, yon nouvo platfòm live streaming ak Coca-Cola ap anonse lansman Coke Studio Sessions, yon kolaborasyon eksklizif k ap pwopoze yon pwogram varye ki gen ladann pèfòmans mizikal fanatik yo ap benefisye pandan 60 jou, youn aprè lòt.

Prestasyon « live » vityèl plis pase 100 atis nan monn nan, tankou Katy Perry, Anitta, DJ Khaled, Bebe Rexha, Miguel, Cast of Hamilton ak Steve Aoki, ap pase an dirèk apati jodiya pou n ofri fanatik yo pèfòmans live sou entènèt, pandan n ap sipòte mouvman entènasyonal Croix-Rouge ak Croissant-Rouge la.

Coke Studio Sessions make kòmansman ofisyèl #BeApp, platfòm streaming an dirèk Ray Smith ak Ross Mason, veteran endistri teknolojik, mete sou pye. #BeApp se yon platfòm nimerik k ap pèmèt fanatik yo benefisye mizik an dirèk yon lòt fason. Kontrèman ak lòt platfòm konsè vityèl yo, #BeApp ap ofri plizyè fonksyonalite varye kote moun kapab pale youn ak lòt, tankou :

Pataj In-App (Le partage In-App): Fonksyon sa ap pèmèt fanatik yo envite zanmi yo ak fanmi yo pandan live la ;
●  Lajan/Pwen (Monnaie/Points): Entèraksyon yo ak pataj sou aplikasyon an ap pèmèt fanatik yo gen pwen ak lajan vityèl y ap ka chanje kont pri, mizajou ak plis ankò ;
●  Pri ak mizajou (Prix et mises à jour) : pri yo ba w privilèj pou akse « premye ran », pou resevwa mesaj atis yo pandan difizyon dirèk la ak yon kado #BeApp ;
●  Premye ran (Premiers rangs): « Premye ran » yo ofri fanatik yo yon pi bon prezans nimerik pandan live la, sitou li rann foto ak non itilizatè yo vizib pou moun k ap gade yo sou entènèt la ;
●  Don : Fanatik yo ap gen posiblite fè don ak Mouvman entènasyonal Croix-Rouge ak Croissant-Rouge la, pou sipòte batay kont pandemi Covid-19 la.

Fondatè #BeApp la, Ray Smith, deklare : « #BeApp la te fèt pou n ka pataje yon koneksyon nimerik gras a lanmou nou genyen pou mizik live, e moun yo bezwen koneksyon sa jodiya pi plis toujou.» « Nou kontan gen Coca-Cola kòm patnè pou lansman eksklizif sa pou n ka prezante fanatik yo nan lemonn antye #BeApp atravè kèk nouvo eksperyans inik ».

Se pèfòmans Diplo, Kaskade, DJ Khaled, ak lòt ankò ki te make premye wikenn streaming lan. N ap anonse lòt atis sou rezo sosyo Coca-Cola ak #BeApp yo.

Vis-prezidan Global Sports & Entertainment, Konpayi Coca-Cola a, Ricardo Fort deklare : « Nou konnen moun yo kapab santi yo poukont yo oubyen izole pandan pandemi an, e Coca-Cola ap pousuiv angajman l pou l mete lajwa nan kè tout moun e favorize koneksyon yo pandan nou separe a. » « Lè nou ofri 60 jou kontni mizikal

enteraktif an dirèk fanatik yo kapab apresye e pataje youn ak lòt, nou espere Coke Studio Sessions yo ap bay chak jou anpil moman distraksyon ak tout moun ki adapte yo ak nouvo nòmalite a. »

Pandan 60 jou pwogram nan, fanatik yo ap gen okazyon pou kontribiye dirèkteman nan mouvman entènasyonal Croix-Rouge ak Croissant-Rouge la, pou sipòte efò k ap fèt pou batay kont Covid-19. Fondasyon Coca-Cola bay plis pase 14 milyon dola ak reprezantasyon Croix-Rouge ak Croissant-Rouge yo nan lemonn antye pou reponn ak Covid-19 la, l ap bay yon lajan anplis ki ekivalan a 3 milyon dola li kolekte nan men konsomatè yo nan kad pwogram sa.

Koby Langley, vis-prezidan prensipal sèvis entènasyonal Croix-Rouge amerikèn yo deklare : « Croix-Rouge amerikèn rekonesan anvè patnè l yo tankou Fondasyon Coca-Cola ki mobilize pandan peryòd difisil sa. » « Kontribisyon Fondasyon Coca-Cola sipòte efò rezo mondyal mouvman entènasyonal Croix-Rouge ak Croissant- Rouge la pou ralanti pwopagasyon maladi a epi diminye konsekans negatif pandemi an ka koze. Nou rekonesan anpil pou gwo sipò yo ban nou pandan peryòd difisil sa. »

Fanatik yo kapab konekte a streaming live yo sou #BeApp, y ap ka telechaje yo gratis ti cheri sou aparèy iOS oubyen Android, ak Coca-Cola YouTube.

Konsènan #BeApp : BeApp se yon nouvo platfòm streaming sosyal ki bay aksè a pèfòmans atis ki miyò yo ak moman mizikal an dirèk nan lemonn antye yo. BeApp pèmèt nou mennen atis yo pi apresye nan monn nan dirèkteman lakay ou, konsa li kreye yon salon vityèl global. Ou kapab telechaje l gratis ti cheri, aplikasyon sa ap pèmèt ou viv bèl eksperyans inik pandan yon konsè oubyen yon festival. Se veteran endistri teknolojik ,Ray Smith ak Ross Mason ki fonde l, platfòm sa ap ajoute yon nivo sosyal divètisan a streaming an dirèk la, k ap pèmèt fanatik yo pale youn ak lòt dirèkteman, achte oubyen fè don epi konekte ak atis prefere yo tout pandan y ap kreye yon seri moman mizikal detèminan ak atis tankou Katy Perry, Steve Aoki, Skrillex et DJ Khaled.

Konsènan Konpayi Coca-Cola : Konpayi Coca-cola (NYSE : KO) se yon antrepriz bwason total ki ofri plis pase 500 mak nan plis pase 200 peyi ak tèritwa. Anplis de mak konpayi Coca-Cola, pòtfèy nou an gen ladann AdeS, Ayataka, Costa, Dasani, Del Valle, Fanta, Georgia, Gold Peak, Honest, innocent, Minute Maid, Powerade, Simply, smartwater, Sprite, vitaminwater ak ZICO. Nou toujou ap transfòme pòtfèy nou an, soti nan rediksyon sik nan bwason nou yo jiskaske nou mete sou mache a nouvo pwodui ki inovan. N ap eseye diminye enpak nou tou sou anviwonman an pandan n ap renouvle dlo epi ankouraje resiklaj. Ak patnè anbouteyaj nou yo, nou bay plis pase 700 000 moun travay, sa ki pèmèt nou ofri opòtinite ekonomik a kominote lokal yo nan lemonn antye. Pou nou ka konnen plis, ale sou www.coca-colacompany.com epi suiv-nou sou Twitter, Instagram, Facebook ak LinkedIn.

Konsènan Fondasyon Coca-Cola : Fondasyon Coca-Cola se branch imanitè mondyal sosyete Coca-Cola a. Depi lè l kreye nan lane 1984 la, Fondasyon an te bay plis pase yon milya dola sibvansyon pou sipòte inisyativ kominote dirab yo nan lemonn antye. Pou plis enfòmasyon sou Fondasyon Coca-Cola, ale sou sit la : https://www.coca-colacompany.com/foundation.

Konsènan mouvman entènasyonal Kwa-Wouj ak Kwasan-Wouj : Mouvman entènasyonal Croix-Rouge ak Croissant-Rouge la se pi gwo rezo imanitè nan monn nan. Li pa gen okenn pasyalite e li konsakre l ak prevansyon ak diminisyon soufrans moun, pwoteksyon lavi ak lasante, ak defann diyite moun, sitou nan konfli ame yo ak sitiyasyon ijan tankou kriz ak katastwòf sanitè. Mouvman an gen ladann

192 sosyete nasyonal Croix-Rouge ak Croissant-Rouge Federasyon entènasyonal sosyete Croix-Rouge

ak Croissant-Rouge ak Komite entènasyonal Croix-Rouge la.

Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte :

Wellcom : +509/31323132

info@wellcomhaiti.com

Tags:,