6G: Vitès sa ka ogmante jiska 1 TB / S, swa 8000 fwa vitès 5G an

Pandan mond lan kòmanse dekouvri vitès 5G, Lachin li menm deja ap pran direksyon 6G. Minis Chinwa a nan Syans ak Teknoloji dènyèman gentan lanse travay preparasyon pou devlopman rezo a. Fondasyon yo deja mete epi selon opinyon kèk ekspè, vitès 6G a ka rive 1 TB/S, swa apeprè 8,000 fwa vitès 5G a.

Lachin gentan mete kanpe de gwoup ki pou sipèvize travay rechèch k ap fèt nan kad 6G a. Youn nan gwoup yo fòme avèk plizyè ekzekitif nan ministè sektè ki konsène yo epi li gen pou responsablite sipòte efò dezyèm gwoup la, ki se piman teknik.