Ayiti: Lapolis Mennen yon Operasyon Kote yo Sezi Plizyè Zam ak Minisyon Ilegal

Otorite polisye yo mennen yon operasyon nan yon katye tou pre kapital la 24 desanm 2019 la kote yo sezi minisyon ak zam. Direksyon santral polis jidisyè a ap kesyone yon sispèk dapre nouvèl kap sikile sou rezo sosyo yo mou  ta konne sou Arby Larco sou orijin zam sa yo ki sanble fè pati yon rezo transnasyonal.
Plizyè inite polis nasyonal a te patisipe nan operasyon an ak prezans otorite jidisyè yo. Yon konseye prezidans la salye operasyon fòs de lòd yo mennen an ke yo konsidere kòm yon kado nwèl.
Nouvèl yo site yon rapò Nasyon |Zini ak Polis nasyonal la, PNH ki ta estime a 500 mil kantite zam ilegal ki egziste nan peyi Dayiti.