Loading...
You are here:  Home  >  ACTUALITÉS  >  LOCALES  >  Current Article

Men poukisa labou ak fatra ap taye banda sou Biseline

By   /  August 3, 2019  /  No Comments

    Print       Email

Labou melanje ak tout kalite fatra ap fè lalwa nan Bisantnè, depi gwo lapli kite tonbe 7 jiyè a. Devan legliz « de Dieu de la prophétie » ak devan lokal EDH la tankou yon rivyè. Sa koz moun paka sikile byen nan yon bon pati nan Boulva « Harry Truman » lan.

Akoz gwo labou, dlo sal, fatra, wout Bbisantnè a vin enpratikab depi devan Rue des Arts Plastiques rive toupre Teyat Nasyonal, ak devan biwo EDH la. Magalie Saintil ki ap viv nan zòn lan fè konnen : « Lapli a fin tonbe [7 jiyè] epi yon gwo dlo desann sou Bisantnè a. Li rantre nan kay. Menm yon machin dlo a te rive bwote jou sa. Se te yon katastwòf li te ye, paske tout moun ki ret anba blòk lanmè a te panse ke zafè yo ta pral nan lanmè. »

Depi aprè lapli sa, jisaprezan kèk pati nan Bisantnè tounen yon rivyè. Kannal yo chaje fatra. Sa lakoz dlo a pa jwenn kote pou li kouri. Dlo a menm rive rantre nan lakou legliz de Dieu de la prophetie. Dapre Emmanuel Desroches, yon manm legliz la, « Pa gen mwayen poun anpeche dlo a rantre legliz la paske kannal la paka kenbe li. Se kannal yo ki pou lib, konsa dlo a ap kouri dirèk ale nan lanmè. »

Toupre rantre batiman EDH la, gen plizyè jenn gason ki ap tante evakye dlo. Se lave men siye atè pliske depi yon ti dlo ale nan tou rego yo, lòt tounen nan menm plas la. « Se reyalite nou sa depi gen lapli », youn nan yo di.

Kisa ki lakòz dlo a rete sou Bisantnè a ?

Dapre enjenyè Frantz Benoït, lapli ka pa tonbe sou bisantnè men li tonbe nan tèt mòn yo. Pou eksplike rezon ki fè anpil fwa dlo ki Bisantnè vin pi plis, enjenyè a fè konnen, « depi yon moun pale de dlo ou pale de basen vèsan, savledi tout dlo ki mennen nan yon kannal oubyen nan yon ravin. Si basen vèsan an Petyonvil oubyen Mòn lopital, depi lapli a tonbe nan zòn sa a yo, l ap desann tou dwat nan Bisantnè. »

Meri yo ak lòt enstans nan peyi a pa byen jere sa ki gen pou wè ak amenajman vil yo. Se meri yo ki dwe bay moun pèmisyon pou yo konstwi. Poutan, selon Frantz Benoit, moun yo bati kay nan zòn ki pa la pou sa. Sa fè moun ki ap viv nan zòn bò lanmè a otomatikman ekspoze ak dezas natirèl. Li raple : « Nan kòmansman lanne 1980, gen zòn nan tèt mòn yo yo te limite pou moun pa konstwi. Epi tou, plis pase yon milyon pyebwa te plante nan mòn lopital ki sòti nan wotè Maryani rive nan wout Frè. San nou pa bliye, plizyè milye mèt kib miray sèk te rive bati. »

Konstriksyon ki fèt an beton, anpeche tè a bwè dlo lapli a

Anjeneral, konstriksyon ki fèt an beton, anpeche tè a bwè dlo lapli a. « Se poutèt sa, lè dlo ki tonbe nan tèt mòn yo, depi kannal la desann bisantnè ki [deja] gen ladann yon bann fatra ak labou, tout dlo sa yo desann ak tout vitès paske tè a paka bwè yo. »

Li ajoute depi dlo a rive bisantnè li dwe rete paske zòn sa a plat epi tou rego ak kannal yo bouche ak fatra, san konte yon bann tè tou. « Depi yon moun ap konstwi nan tèt mòn nan, li fasil pou li lage tè yo nan kannal oubyen ravin, lè konsa dlo a pase pran yo epi vin konble espas ki plat nan bisantnè a paske pa gen ase fòs pou bwote tè a ale nan lanmè. »

Enjenyè a eksplike kouvèti vejetal la fasilite enfiltrasyon dlo lapli a pou rann vitès ak kantite dlo a bese. Li redui ewozyon nan tèt mòn lopital la. «Domaj, yon gwo pati nan popilasyon an inyore tout enpòtans planifikasyon yon espas tè genyen. »

Gen plizyè kannal ki pase bisantnè, men yo pa netwaye. Selon Frantz Benoït, « moun bisantnè ap toujou gen pwoblèm, paske fatra ak tè ap toujou desann vin bouche kannal yo. Genye ki sòti fò mèkredi, savann pistach elatriye. Se ap toujou yon travay toutan, san pran souf. »

Leta pa fè anyen pou moun yo

Anpil moun Bisantnè ap plenyen paske Leta kite dlo anpeche yo ale nan aktivite yo. Dapre moun ki rete nan zòn nan, teknisyen Depatman Travo Piblik yo pa vle vini paske yo pè klima ensekirite ki enstale nan zòn nan.

Yon madanm ki abite sou bisantnè a di : «si nou t ap viv nan yon peyi ki te dirije, wout la ta dwe netwaye deja. Tout moun lage lakay yo, pou yo fè netwayaj yo pou kont yo. Poutan, se yo ki gen materyèl pou netwaye kannal yo. »

Ayibopost eseye kontakte plizyè fwa kèk responsab nan Ministè Travo Piblik sou dosye a, jiskaprezan yo pa disponib pou yo reyaji.

source: Ayibopost

    Print       Email

Leave a Reply

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.

You might also like...

2e journée de protestation : un « Pays lock » non revendiqué paralyse Haïti

Read More →