Blog

  • L’ULCC invite les fonctionnaires publics à déclarer leur patrimoine, fixe un délai

    L’ULCC invite les fonctionnaires publics à déclarer leur patrimoine, fixe un délai

    Sans distinction de rang ou de fonction, l’ex-commissaire du gouvernement de Port-au-Prince invite tous les concernés à se plier à cette obligation légale dans le but, dit-il, de mieux prévenir la corruption et de contrôler les provenances des richesses des fonctionnaires. Me Gassant en a profité pour saluer la démarche d’une centaine de députés qui ont sollicité de l’ULCC le formulaire de déclaration de patrimoine.

    Par ailleurs, Me Claudy Gasssant a rappelé à tous ceux qui ont occupé un poste électif ou nominal et qui souhaitent participer aux procahines élections de passer réclamer le certificat de l’ULCC à la fin de leur mandat.

    The post L’ULCC invite les fonctionnaires publics à déclarer leur patrimoine, fixe un délai appeared first on Haiti24.

  • Yon Bouskilad nan Fineray Gwo Jeneral Iran an, Qassem Soleiman, Lakoz 32 Moun Mouri

    Yon Bouskilad nan Fineray Gwo Jeneral Iran an, Qassem Soleiman, Lakoz 32 Moun Mouri

    Medya leta nan Iran rapòte jodi madi a 7 janvye 2020 an, yon bouskilad nan fineray gwo jeneral Qassem Soleimani, kote omwen 32 moun moun mouri  e 190 löt blese.
    Plizyè dizèn milye moun te rasanble nan Kerman, ki se vil natal defen jeneral la, nan moman yo tap mete sèkèy li nan dènye demè li. Gen seremoni kap fèt nan menm sans la semèn sa a nan kapital iranyen an, Teheran, amsanm ak vil Qòm e Ahvwaz.
    Dapre medya leta repiblik islamik, yo te ranvwaye seremoni-a alasuit bouskilad la. Asasinay jeneral Soleimani, ki peti semèn pase, anba yon frap avyon telegide ameriken, pwovoke laperèz kòmkwa Etazini kapab antre nan yon pi gwo fass kare ak Iran, kote tou 2 peyi yo menase  pou youn reponn lòt la kif kif pou nenpòt ki artak ki ta fèt apre sa..

  • Yon Tranblemanntè 6.4 Frape Puerto Rico Douvan Jou Madi 7 janvye a

    Yon Tranblemanntè 6.4 Frape Puerto Rico Douvan Jou Madi 7 janvye a

    Yon tranblemanntè magnitid 6.4 frape teritwa ameriken Puerto Rico vè 4 trè dimaten madi 7 janvye 2020 an. Selon jounal an lin, Miami Herald, majistra vil la ki tap pale sou yon chèn televizyon fè konnen, gen 8 moun ki blese nan vil Ponce. Gouvènè Puerto Rico a Wanda Vazquez di li bay tout anplwaye leta yo konje nan moman an.
    Santral elektrik Puerto Rico a sibi kèk domaj dapre yon tweet otorite yo. Se youn nan pi gwo tranblemanntè pami yon seri gwoudougwoudou vil la sibi sèdenye tan e sitou depi nan mwa desanm 2019 pase a. Moun te obsève tou yon efè tranblemanntè a vè 7 tè nan maten ki te frape eta a ak yon magnitid 6.0.
     

  • Ayiti: Prezidan Jovenel Moise Satisfè De Rankont li ak Sekretè Jeneral OEA a

    Ayiti: Prezidan Jovenel Moise Satisfè De Rankont li ak Sekretè Jeneral OEA a

    Prezidan ayisyen Jovenel Moise Satisfè De Rankont li ak Sekretè Jeneral OEA a nan Palè Nasyonal madi 7 janvye 2020 an.

  • Ayiti: Yon Elèv nan Jeremi Di Li Kontan Dèske Lekòl yo Relouvri Pòt yo

    Ayiti: Yon Elèv nan Jeremi Di Li Kontan Dèske Lekòl yo Relouvri Pòt yo

    Ayiti: Yon Elèv nan Jeremi Di Li Kontan Dèske Lekòl yo Relouvri Pòt yo

  • Mèt Claudy Gassant Di Gen Pwovizyon Legal pou Travay Lap Fè nan ULCC a

    Mèt Claudy Gassant Di Gen Pwovizyon Legal pou Travay Lap Fè nan ULCC a

    Direktè jeneral Inite lit kont koripsyon nan peyi Dayiti, Mèt Claudy Gassant rankontre ak laprès jounen madi 7 janvye 2020 an nan lokal enstitisyon an pou prezante pwovizyon legal la lwa ba li poul travay. Yon repòtaj Matiado Vilmé.

  • Ayiti: Tab konsètasyon Latibonit Lanse Mobilizasyon Kont Prezidan Jovenel Moïse

    Ayiti: Tab konsètasyon Latibonit Lanse Mobilizasyon Kont Prezidan Jovenel Moïse

    Tab konsètasyon Latibonit la ki regwoupe manb opozisyon politik yo nan Gonayiv anonse pou wikenn kap vini an repriz mobilization pou fose prezidan repiblik la Jovenel Moise bay demisyonl sou pouvwa a. Yon repòtaj Exalus Mergenat.

  • Sekretè Jereral OEA a, Luis Almagro, Fè yon Vizit 24 Trè ann Ayiti

    Sekretè Jereral OEA a, Luis Almagro, Fè yon Vizit 24 Trè ann Ayiti

    Sekretè Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken an yo Luis Almagro trouve l ann Ayiti depi lendi 6 janvye 2020 an pou yon vizit 24è. Nimewo 1 òganizasyon rejyonal la gen pou l rankontre Prezidan Jovenel Moise, kò diplomatik la, klas politik la pou diskite sitiyasyon sosyo politik la.
    Nan yon mesaj Misye Almagro mete sou rezo sosyal Twitter li pale de rankont li te genyen ak anbasadè ameriken an ann Ayiti Michele Sison pou diskite sitiyasyon politik peyi a ak enpòtans kolaborasyon ant OEA ak Etazini pou wè fason yo kapab mete sou pye pwojè ki vize ranfòse demokrasi ak dwa moun nan peyi Dayiti.
    Nimewo 1 l’OEA a te rankontre tou Core Group la pou l souliyen enpòtans pou sipòte estabilite sistèm politik la nan peyi a. Vizit sa a rive nan moman Ayiti ap pare pou l asire prezidans Konsèy Pèmanan OEA soti avril pou rive jwen 2020.

  • Baz Aeryen Irakyen Al-Asad Kote Twoup Ameriken yo Loje Sibi yon Atak ak Wòkèt

    Baz Aeryen Irakyen Al-Asad Kote Twoup Ameriken yo Loje Sibi yon Atak ak Wòkèt

    PENTAGON: Baz irakyen Al-Asad kote twoup ameriken yo loje sibi yon atak dapre yon sous militè ki te pale ak Lavwadlamerik.
    Korespondan Lavwadlamerik nan Pentagon Carla Babb te mande nouvo devlopman sa a vle di repons Lèzetazini bay dènyeman nan rejyon an pa pote rezilta? Sous militè a reponn pou l di, “Jwèt la Chanje.”
    Dapre yon nòt Depatman Defans Etazini pibliye li fè konnen:
    “Li klè ke misil yo te lanse soti ann Iran e yo te vize omwen de nan baz militè Irak kote militè ameriken yo ak pèsonèl kowalisyon an nan Al-Assad ak Irbil loje.
    Pandan n ap kontinye evalye sitiyasyon an ak repons nou an, n ap pran tout mezi nesesè pou pwoteje ak defann pèsonèl ameriken, patnè, ak alye nou yo nan rejyon an.”
    Baz Al-Asad twouve l nan pwovens Anbar la nan mitan gwoup ame ki rele Sunni a, ki se senpatizan ak sipòtè militan gwoup eta islamik yo, ki yon fwa te kontwole pi fò pati nan rejyon an tankou Fallujah ak Ramadi ak lòt ti vil nan vwazinaj yo.
     

  • Etazini: John Bolton Fè Konnen li ta Renmen Temwaye nan Jijman sou Destitisyon Prezidan Trump la

    Etazini: John Bolton Fè Konnen li ta Renmen Temwaye nan Jijman sou Destitisyon Prezidan Trump la

    Ansyen konseye pou sekirite nasyonal Etazini John Bolton fè konnen li ta temwaye nan jijman sou destitisyon Prezidan Donald Trump si Sena-a entèpele-l.

Televizyon Lakay
Televizyon Lakay
Jwe Jwèt Gratis!
Quiz, Solitaire ak Mo Kaché
Jwèt Ayiti & Karayib — 100% gratis!
Jwe Kounya — 100% Gratis →
English · Français · Kreyòl