Gen Plizyè lòt aktivite ki make 216ème anivèsè endepandans peyi Dayiti pami yo yon Mach de gloire à L’Eternel ki te reyini plizyè santèm milye moun ak seremoni kite dewoule nan palè nasyonal. Yon repòtaj ak Renan Toussaint
Blog
-

Kap-Ayisyen: Plizyè Otorite Asiste yon Tedeyòm nan Katetedral la nan Okazyon 216èm Anivèsè Endepandans la
Responsab legliz Katolik yo nan vil Kap-Ayisyen òganize yon tedeyòm nan okazyon 216èm anivèsè endepandans peyi a. Korespondan Lavwadlamerik n Yvan Martin Jasmin fè konnen plizyè otorite lokal te asiste seremoni an.
-

Erol Josué Direktè Jeneral Biwo Etnoloji BNE, Ap Defini Espetak Kiltirèl Jou Zansèt yo nan MUPANAH
Erol Josué Direktè jeneral biwo Etnoloji BNE kap defini an detay spetak kiltirèl nan okazyon 216 lane jou zansèt yo nan Lakou Mupanah
-

Kore Di Nò Anonse li Gen yon Zam Estratejik Tou Nèf Kap Vini
Apre anons Kim Jong Un kòmkwa li gen yon nouvo zam estratejik k ap vini, Sekretè Deta ameriken an Mike Pompeo eksprime espwa ke lidè Kore di Nò a pwal chanje direksyon. Plis detay ak Serge Michel.
-

Kèk nan Gran Pwen Kap Domine Aktyalite pou Jedi 2 Janvye 2020
Kèk nan Gran Pwen Kap Domine Aktyalite pou Jedi 2 Janvye 2020
-

Anpil Zye Brake sou Kongrè Ameriken an Kap Tann ke Sena a Resevwa Atik Mizanakizasyon Prezidan an
Anpil zye brake sou Kongrè ameriken an nan moman moun atan yo ke Sena a resevwa atik mizanakizasyon yo nan men prezidan chanm dè Reprezantan-an Nacy Pilosi. Ann atann, youn nan defansè prezidan Trump mèt Rudi Giuliani di li pral goumen an favè prezidan an .
-

Ayiti: 216 Zan Endepandans la Ki Te Dwe Selebre nan Gonayiv Fete nan Pòtoprens pou Rezon Sekirite
Pòtoprens, Ayiti – Prezidan ayisyen an Jovenel Moise, pat suiv tradisyon regilye yo mèkredi premye janvye 2020 an nan kad selebrasyon 216èm anivèsè endepandans peyi a. Prezdain an te prefere fè seremoni ofisyèl fèt la nan kapital la e dapre anpil obsèvatè se pou rezon sekirite apre peyi a sot viv plizyè mwa nan toumant politik.
Opozisyon politik la akize Prezidan Moise ak gouvènman li kòm moun ki nan koripsyon. Sepandan, nan diskou li mete devan nasyon an nan okazyon fèt endepandans la nan Palè Nasyonal nan Pòtoprens, chèf leta a mande elit Ayiti a pou travay avèk gouvènman an epi ede kreye travay.
Prezidan Jovenel Moise di:
“Peyi a toujou trè pòv. Moun ki kontinye jwenn richès jwenn li nòmal ke yo pa peye taks, jwenn li nòmal ke yo monopolize mache a pou pa gen okenn konpetisyon, jwenn li nòmal ke yo mete pri pou konsomatè yo jan yo vle, espesyalman lè konsomatè a se leta a li menm oubyen gouvènman an.”
Prezidan Moise eskize pèp la poutèt li pa rive bay kouran jan l te pwomèt li a, men renouvle pwomès li te fè pandan kanpay prezidansyèl nan ane 2016 yo kote li te di li pral bay kouran 24 sou 24. Prezidan an di bagay la pi difisil ke janm te panse l la.
Dikou senpolik pou make anivèsè depi Ayiti te tounen premye repiblik nwa nan lemond, konn fete jeneralman nan vil Gonayiv, lye original kote papa nasyon an, Anperè Jean-Jacques Dessalines fè diskou deklarsyon endepandans la.
Sepandan, site endepandans la, Gonayiv menm jan ak plizyè lòt vil pwovens te frape anba manifestasyon vyolan ki te kòmanse depi nan mwa septanm 2019 pase yo kote pèp souvren te pran lari pou denonse koripsyon ak rate gaz nan ponp yo, lavi chè. Patizan opozisyon an tap mande demisyon prezidan an.
Anvywon 40 moun te pèdi lavi yo. Gwo manifestasyon ak plizyè milye moun yo redui nan Pòtoprens malgre mouvman pwotestasyon yo menm kan yo pa gen anpil moun kontinye nan plizyè vil pwovens. Nan Gonayiv you gwoup manifestan opozisyon an te pakouri plizyè ri ak yon sèkèy nan men yo kote yap reklame jistis pou yon militant ki tonbe anba bal. Lapolis te dispèse foul la ak gaz lakrimojèn. Pat gen gwo ensidan nan mach sa a. -

Yon Kalm Aparan Retounen nan Anbasad Ameriken an nan Bagdad an Irak
Yon kalm aparan retounen nan anbasad ameriken an nan Bagdad an Irak apre militant abandone zòn nan apre 2 jounen pwotestasyon kont atak ayeren Etazini lanse sou baz group milisyen yo genyen nan ann Irak Lasiri. Jean Robert Philippe di nou prezidan Donald Trump di li vle lapè li pa konn pou Iran.
-

Ayiti: Yon Mach a Letènèl pou Selebre 216èm Ane Endepandans Peyi a nan Delmas
Majistra prensipal meri Delmas a,Wilson Jeudi, reyaji aprè mach deglas ak Letènèl la ki te reyini plizyè 100tèn milye moun ki relijye ak nonrelijye mèkredi 1er janvye 2020 an. Majistra Jeudi te reponn kesyon Lvwadlamerik nan mikwo ak devan kamera yo Renan Toussaint.
-

Etazini-Irak: Sitiyasyon an Parèt Pi Kalm Devan Anbasad Etazini an nan Bagdad
Sitiyasyon an nan anbasad Etazini an nan kapital irakyèn nan Bagdad, te vin pi kalm apre gwoup milisyen kap soutni Iran yo te kite zòn nan.
Retrè milisyen yo mete fen nan yon enpas 2 jou kote nèg ame ak patizan yo te atake lokal ambasad ameriken an e detwi zòn antre ak resepsyon an. Foul la mete dife epi ekri grafiti sou mi antre anbasad la pou eksprime mekontantman yo ak yon atak aeyèn Etazini te lanse kont gwoup milisyen sa yo kap sipòte Iran.
Frap aeyèn Etazini yo te fèt an Irak ak nan Siri kont gwoup Kataeb Hezbollah kòm yon repons ak yon atanta mètriyè ak wòkèt ki te fèt sou yon sitwayen ameriken kap travay kòm yon kontraktyèl ann Irak.
Sekretè Deta Ameriken an Mike Pompeo, akize lidè Kataeb Hezbollah la ak lòt moun li konsidere kòm “teroris” li di ki atake anbasad ameriken an nan Baghdad. Tout operasyon nan konsila la te sispann pou lemoman e Depatman Deta avèti sitwayen ameriken yo rete lwen sit anbasad la.
Prezidan ameriken an Donald Trump te di madi pase a ke lap konsidere Iran reponsab atak sou anbasad ameriken an nan Bagdad, e Tehran kapab peye yon gwo pri pou nenpòt domaj byen yo ak lavi pèsonel ameriken yo.