Aktivite yo fonksyone oralanti nan Metwopòl Nòdès la nan okazyon fèt fen ane yo. Korespondan nou nan Fort Liberte Jaudelet Junior Saint Vil gen reyaksyon ti komèsan yo.
Blog
-

Ayiti: Onè Ofisyèl pou Ewo Endepandans yo sou Channmas
Gouvènman òganize yon seremoni ofisyèl sou Channmas pou onore ewo endepandans yo nan okazyon anivèsè 216 zan endepandans peyi a.
-

Ayiti: Kèk Lidè Opozisyon an Depoze yon Jèb Flè pou Zansèt yo sou Channmas
Kèk lidè opozisyon te pran direksyon moniman Anpere Jean Jacques Dessalines nan ki sou Channmas pou depoze yon jèb flè menm jan ak responsab leta a te fè li bonè maten premye janvye 2020 an nan okazyon selebrasyon 216èm anivèsè endepandans la. Pwofesè Josue Merilien te pale ak laprès.
-

Ayiti: Lapolis Dispèse Manifestasyon Opozisyon an nan Gonayiv
Yon gwoup patizan opozisyon an ki tap manifeste kont Prezidan J. Moise ak yon sèkèy nan men yo ki ta gen kò yon viktim manm opozisyon an ladan, ebyen nan moman yo tap eseye pase devan Komisarya Gonayiv la, fòs delòd yo dispèse yo ak gaz lakrimojèn; yo te kouri kite sèkèy la. Detay Exalus Mergenat.
-

Senatè Dieudonne Numa Étienne Kwè Se Tèt Ansanm Ki Dwe Triyonfe nan Okazyon Fèt Endepandans la
Senatè Nò a, Dieudonne Numa Étienne, ki tap pale nan mikwo korespondan VOA Kreyòl Yvan Jasmin, fè konnen se tèt ansanm sèlman ki ka resoud kriz peyi Dayiti ap travèsè a. Paske dapre li se tèt ansanm sa ki te ba nou endepandans.
-

Gonayiv: Opozisyon an Manifeste Kont Prezidan J. Moise nan Okazyon 216 Zan Endepandans la
Opozisyon an manifeste nan Gonayiv nan okazyon 216 zan endepandans peyi Dayiti. Senatè Latibonit la, Youri Latortue, di peyi a plis sou depandans ke endepandans. Video: Exalus Mergenat.
-

Dekouvri Kèk Ayisyen-Ameriken Ki Rive Akonpli Gran Rèv Ozetazini
Nan pwogram espesyal sa a, Serge Rodriguez ap prezante nou kèk sitwayen ameruken dorijin ayisyen ki rive akonpli gran rèv Ozetazini.
-

Ayiti: Diskou Prezidan Jovenel Moise nan Okazyon 216 Zan Endepandans Peyi a
Nan yon diskou Prezidan Jovenel Moise mete devan nasyon an nan okazyon 216èm anivèsè endepandans peyi a, li fè apèl pou tout pitit nasyon mete tèt yo ansanm pou rezoud pwoblèm peyi a ap travèsè a. Video: Matiado Vilmé.
-

Dekouvri Gregory Lubin, Rèv li ak Sa Li Rive Akonpli nan Lame Amerikèn
Dekouvri Gregory Lubin, Rèv li ak Sa Li Rive Akonpli nan Lame Amerikèn.
-

Prezidan Jovenel Moïse ak Manm 2 Lòt Branch Pouvwa yo Onore Ewo Endepandans yo sou Channmas
Prezidan Jovenel Moise akonpaye ak Premyè Dam Martine Moise, Prezidan Sena ayisyen an Carl Murat Cantave ak Chèf pouvwa jidisyè a, Direktè Jeneral Polis la ak plizyè manm wo eta majò polis la ak lame tou nèf la, premye minis demisyonè a Jean Michel Lapin ak manm kabinè ministeryèl li a, depoze yon jèb flè nan pye moniman Jean Jacques Dessalines ak lòt ewo endepandans yo sou Channmas nan mitan kapital la tou pre palè prezidansyèl la.
Chèf leta a pat fè okenn deklarasyon nan moman apre li te fin resevwa onè militè nan men fanfa Palè Nasyonal la. Jan nouvèl yo fè konprann li an, Prezidan Jovenel Moise pral adrese l ak nasyon an nan okazyon selebrasyon 216è anivèsè endepandans peyi Dayiti, premye janvye 2020 an. E Chèf leta a ap prononse diskou sa a sou pewon palè a.
Fèt tradisyonèl endepandans premye nasyon nwa karayibeyen an konn fete nan site endepandans la, vil Gonayiv, sou plas ewo yo paske se la jeneral lame endijèn yo ki te gen alatèt yo Anperè Jean Jacques Dessalines, papa nasyon an te li ak deklarasyon endepandans peyi a premye janvye 1804.
Sepandan, nan okazyon 216 zan anivèsè endepandans la, gouvènman ayisyen an, kidonk laprezidans prefere selebre fèt la nan kapital la, Pòtoprens. Rezon an se pou ta evite konfli ak lese frape ant fòs delòd yo ak branch ame opozisyon an nan Gonayiv dapre deklarasyon responsab yo.
Pòt pawòl prezidan an ki tap pale ak laprès nan Pòtoprens fè konnen Jovenel Moise pa premye prezidan ki te prefere selebre fèt la nan kapital la e Prezidan Réne Preval se yon egzanp.
Branch opozisyon an nan Gonayiv kriye viktwa akoz prezidan an chwazi pou l pa vin Gonayiv. Senatè Latibonit la, Youri Latortue, manm opozisyon politik la di absans Prezidan Moise nan site endepandans la premye janvye 2020 an se yon viktwa pou pèp la. Patizan pouvwa a kwè se yon desizyon saj.