Biwo Sena ayisyen gen yon nouvo prezidan. Ti gwoup senatè ki rete yo apre fen manda 50èm lejislati a fòme yon biwo kote yo nome Senatè Pierre François Sildor kòm prezidan.
Blog
-

Yon Lekòl pou Prepare Pwofesyonèl pou Ede Viktim Tranblemanntè 2010 la ann Ayiti
Se avèk anpil satisfaksyon responsab yo anonse premye seremoni remiz diplòm lekòl la pral dewoule nan jounen dimanch 19 janvye 2020 an.
-

Ayiti: Yon Gwo Dife nan Mache Dipò Ipolit Lage Anpil Machann 2 Bra Balan
Kèk machann Mache Dupò Ipolitit pèdi tout machandiz yo aprè yon gwo dife te eklate nan espas la aprè midi lendi 13 janvye 2020 an. Viktim yo ki pale nan mikwo VOA di yo pa an mezi pou defini kantite pèt yo. Koute dekalrasyon kèk nan yo nan mikwo korespondan Lavwadlamerik Matiado Vilmé.
-

Ayiti: Ministè Sante Piblik Prezante Done Jeneral sou Eta Sante popilasyon an
Ministè sante piblik ann Ayiti prezante done jeneral sou eta sante popilasyon. Detay ak Yves Manuel.
-

Prezidan Jovenel Moise Fè Rapèl sou Travay 50è Lejislati a Ki Pran Fen 2èm Lendi Janvye 2020 an
Prezidan Jovenel Moise Fè Rapèl sou Travay 50è Lejislati a Ki Pran Fen 2èm Lendi Janvye 2020 an. Prezidan Moise pale de eleksyon ki pa rive fèt akoz bidjè ki pa rive vote nan palman an kote Sena a pat rive ratifye politik jeneral youn nan 2 premye minis nome li yo.
-

Senatè Joseph Lambert Di Palman an Pa "Caduc" ou Perime
Senatè Joseph Lambert di Palman an pa “Caduc” e ke mo sa a revòlte l. Senatè Lambert di pèson moun pa gen dwa pou retire pouvwa yon senatè.
-

Etazini: Kandida Demokrat yo Pral Twoke Kòn yo nan yon Lòt Deba
6 kandida Demokrat pou pòs prezidan an pral patisipe madi 14 janvye 2020 an, nan yon deba kote yo pral tope kòn yo sou gran dosye nasyonal e entènasyonal yo anvan elektè eta Iowa, ki nan santwès peyi a, jete bulten yo nan premye eleksyon primè pou ane elektoral sa a. Detay ak Lyonel Desmarattes.
-

Senatè Jean Marie Junior Salomon Di Se li Ki Prezidan Nouvo Biwo Sena a
Senatè Jean Marie Junior Salomon di se li ki Prezidan nouvo biwo Sena a.
-

6 Kandida Demokrat Pral Tope Kòn yo nan yon Deba Anvan Primè Iowa ak New Hampshire la
Deba madi swa a pral dewoule avèk pi piti kantite kandida a depi seri a te ouvè nan mwa jen 2019 la.
-

Etazini: Chanm Depite a Ap Pare pou Remèt Sena a Atik sou Miz ann Akizasyon Prezidan Trump la
Prezidan chanm depite yo, Nancy Pelosi, ap pare pou voye atik sou Impeachment ou miz ann akizasyon Prezidan Donald Trump la nan Sena a yon fason pou senatè yo kapab kòmanse ak pwosesis jijman an. Chanm bas Kongrè a pral vote sou sa avan lontan. Lyonel Desmarattes ap prezante nou yon repòtaj.