Prezidan chanm depite yo, Nancy Pelosi, ap pare pou voye atik sou Impeachment ou miz ann akizasyon Prezidan Donald Trump la nan Sena a yon fason pou senatè yo kapab kòmanse ak pwosesis jijman an. Chanm bas Kongrè a pral vote sou sa avan lontan. Lyonel Desmarattes ap prezante nou yon repòtaj.