Jijman Prezidan Donald Trump ap kòmanse madi 21 janvye a apre prezidan Kou Sipèm nan ak 100 manm Sena a prete sèman jedi 16 janvye a. Jean Robert Philippe di nou Lamezon Blanch manifeste espwa l Sena a, repibliken yo kontwole, pap jwenn prezidan an koupab.
Tag Archives: Televizyonlakay
Entèvyou ak Komisyonè Miami Dade Jean Monestime
Entèvyou ak Komisyonè Miami Dade Jean Monestime. Komisyonè Monestime te reponn kesyon Serge Michel depi Miami, Florid.
Ikrèn Louvri yon Ankèt pou Konnen Si Anbasadris Amerikèn Marie Yovanovitch Te Viktim Espyonal Ilegal
Nan Ikrèn otorite yo anonse yo ouvè yon ankèt pou yo konnen si ansyèn anbasadris amerikèn nan peyi a, Marie Yovanovitch, te viktim yon espyonaj ilegal anvan Prezidan Donald Trump te prese raple l epi revoke l san zatann ane pase a. Plis detay ak Lyonel Desmarattes.
Vòt nan Sena a sou Akò Komèsyal ak Amerik Dinò a Se yon Kokenn Viktwa pou Administrasyon Trump la
Prezidan Donald Trump ranpòte yon kokenn viktwa nan gran kò a ki vote pak komèsyal ak amerik dinò a. Trete sa a mete akote akò ALENA a, ki te anvigè pandan plis pase 2 dizèn lane nan. Serge Rodriguez ap devlope pwen sa a pou nou depi sal dè nouvèl la
Etazini: Sena Ameriken an Apwouve Nouvo Akò Komèsyal ak Amerik di Nò a
Sena ameriken an apwouve jedi 16 janvye a akò komèsyal Amerik di Nò a, yon trete administrasyon Prezidan Donald Trump la siyen ak Meksik e Kanada. Kounye a, lidè ameriken pral gen pou l poze siyati li anba dokiman an anvan pou l antre anvigè. Akò komèsyal Amerik di Nò a ranplase ALENA ki te …
Continue reading “Etazini: Sena Ameriken an Apwouve Nouvo Akò Komèsyal ak Amerik di Nò a”
Fòmalite pou Jijman Prezidan Trump Kòmanse nan Sena a
Pòtpawòl La Mezon Blanch la, Stephanie Grisham, di Prezidan Trump « ap tann pou Sena a kite l egzèse dwa lalwa ba li… Se konsa tou prezidan an gen gwo espwa ke Sena a pral jwenn li pa koupab. »
Kèk nan Gran Pwen Kap Domine Aktyalite pou Jedi 16 Janvye 20202 an
Kèk nan Gran Pwen Kap Domine Aktyalite pou Jedi 16 Janvye 20202 an.
Yon Prezidan Trump Satisfè, Gen Rezèv sou yon Akò Komèsyal ak Chin
Prezidan Domald Trump poze siyati li anba yon akò preliminè Etazini jwenn ak Lachinn anmèmtan avèk vis-premye minis chinwa Li He nan Lamezon blanch. Malgre lidè ameriken eksprime lakontantman pou reyalizasyon sa a men l gen kèk rezèv. Plis detay ak Serge Rodriguez depi sal dè nouvèl la.
Prezidan Kou Siprèm Etazini an John Roberts Prete Sèman nan Kad Jijman Prezidan Trump nan Sena a
Prezidan Kou Siprèm Etazini an John Roberts prete sèman ansanm ak 100 manm Sena a nan kad jijman ki pral fèt kont Prezidan Trump ki enkilpe pou abi pouvwa ak kouche ankwa kont travay kongrè a. Jean Robert Philippe di nou pwosè sa a kapab dewoule semen pwochèn nan.
Siyatiyon Premye Faz yon Akò Komèsyal ant Etazini ak Lachin
Etazini ak Lachinn siyen premye faz yon akò komèsyal ki byen kapab debouche sou rediksyon tansyon ant 2 pi gwo ekonomi sou planèt la. Kidonk, Washington ak Peken jwenn yon trèv nan lagè komèsyal ki tap bouyi ant 2 peyi yo depi mwa jen 2018, dat administrasyon Prezidan Donald Trump la te kòmanse enpoze tarif …
Continue reading “Siyatiyon Premye Faz yon Akò Komèsyal ant Etazini ak Lachin”