Lidè demokrat la nan Kongrè a pral anonse, madi 10 desanm 2019 la, diferan “chèf d’akizasyon” yo retni kont Prezidan Donald Trump.
Blog
-

FBI Konsidere Atak nan Baz Naval Florid la Kòm yo Zak Teworis
Biwo FBI konfirme ke nèg ki te ouvè kout zam nan baz naval vil Pensacola, eta Florid la, se ofisye fòs ayeryen sawoudyen 21 nan, Mohammed Alshamrani, ki te yon etidyan nan lekòl kòmandman avyasyon naval baz la. Serge Rodriguez ap pote presizyon depi sal dè nouvèl la.
-

Manitestasyon Kontinye ann Ayiti Pandan 2 Gwo Ofisyèl Ameriken ap Vizite Peyi a
Youn nan lidè opozisyon an, Senatè Nenel Cassy, ki pale avèk Lavwadlamerik jedi 5 desanm nan, deklare: “Toutotan Jovenel sou pouvwa a, nou pral kontinye manifeste…”
-

Etazini: Chanm Depite Ameriken an Ap Avanse pou Pi Devan ak Dosye Impeachment Prezidan Peyi a
Etazini: Chan Depite Ameriken Ap Avanse pou Pi Devan ak Dosye Impeachment Prezidan Peyi a. Plis detay ak Jean Robert Philippe.
-

Kisa Ki Make Somè LOTAN an Ki Dewoule nan Grand Bretay Ane sa a?
Somè LOTAN nan vil Lond peyi Lagrand Bretay pran fen apre diferan rankont ant tout peyi manm yo. Plis detay ak Lyonel Desmarattes sou somè sa a.
-

Sou-Sekretè Deta Ameriken pou Afè Politik, David Hale, Ap Vizite Bahamas ak Ayiti
Dapre yon nòt ki soti nan Depatman Deta ameriken an, Sou-Sekretè Deta pou Afè Politik, David Hale, genyen pou l vwayaje nan Peyi Bahamas nan dat 5 desanm 2019 la (donk jodi jedi a), anvan li ale nan Peyi d Ayiti demen vandredi 6 desanm nan. Pandan Misye Hale ap nan Nassau, kapital Bahamas, li pral rankontre ak Premye Minis Hubert Minnis, Minis Sekirite Nasyonal la, Marvin Dames, otorite responsab Sèvis Repons ak ka Dezas, epi patnè kap travay nan pwojè USAID nan Bahamas. Pami tèm diskisyon yo, genyen efò kap fèt pou popilasyon an leve anba konsekans pasaj Siklòn Dorian avek angajman Lèzetazini pran vizavi kowoperasyon bilateral aktyèl li avek Bahamas.
Pou sa ki konsène Peyi d Ayiti, Sou-Sekretè Deta Hale pral rankontre avek Prezidan Jovenel Moïse, minis afè etranjè a, Bocchit Edmond, e avèk lòt lidè politik. Nan diskisyon yo, yo gen pou abòde defi ijan Ayiti ap konfwonte yo ak nesesite yon dyalòg nasyonal enklizif, yon gouvènman efikas ki kapab retabli lòd, mentni eta-de-dwa, pèmèt ekonomi an devlope epi sèvi pèp ayisyen an.
Sete yon nòt ki sòti nan Depatman Deta Ameriken an. -

Doktè an Filozofi Hermanie Pierre Se yon Enspirasyon pou Jenès Ayisyen an
Jèn enjenyè sivil e Doktè an Filozofi Hermanie Pierre kap viv nan vil Little Rock, eta Arkansas, ap montre lemond jounen jodi a pa genyen anyen ki enposib vrèman si nou santre atansyon nou sou objektif nou vize-a, sitou lè se san ayisyen kap koule nan vèn nou.
-

Entèvyou ak JP Michel, Chairman NAAHP, yon Òganizasyon Pwofesyonèl Ayisyen-Ameriken
NAAHP se yon òganizasyon ki konekte anpil pwofesyonèl ayisyen. Li òganize yon konferans chak ane pou fasilite boukantay lide ant manm pwofesyonèl ak antreprenè-li ki soti nan Diaspora ak ann Ayiti. Ane sa a, tèm nan sete Haiti Forward, Ayiti ann avan. Chairman JP Michel reponn kesyon Serge F Michel.
-

28 Novanm 2019 Se Thanksgiving Jou Aksyon De Gras Ozetazini
28 novanm 2019 se Thanksgiving ou Jou aksyon de gras isit Ozetazini.
-

Radyoskopi Selebrasyon "Thanksgiving Day" Ou Jounen Aksyon de Gras Ozetazini
Jou Aksyon de Gras la ofri Ameriken yo yon okazyon pou yo di Bondye mèsi pou benediksyon li yo; se yon jounen kote manm divès kominote rasanble pou youn di tout apresyasyon li genyen pou lòt e mete aksyon sou sa ki ini yo…
