Etazini: Sena Ameriken an Apwouve Nouvo Akò Komèsyal ak Amerik di Nò a

Sena ameriken an apwouve jedi 16 janvye a akò komèsyal Amerik di Nò a, yon trete administrasyon Prezidan Donald Trump la siyen ak Meksik e Kanada. Kounye a, lidè ameriken pral gen pou l poze siyati li anba dokiman an anvan pou l antre anvigè.
Akò komèsyal Amerik di Nò a ranplase ALENA ki te egziste pandan 25 ane ki sot pase yo, yon trete Etazini te jwenn an 1994, sou administrasyon prezidan Demokrat Bill Clinton.
Nouvo akò a Sena ameriken an apwouve jedi a gen ladann kèk nouvo règleman tankou manifakti otomobil ak komès sibènetik.